Oze 10​:​1-15

  • Izrayèl se yon jaden rezen ki fin depafini e ki pral detwi (1-15)

    • Plante epi rekòlte (12, 13)

10  “Moun Izrayèl yo se yon pye rezen ki depafini* k ap bay fwi+.Tank l ap bay plis fwi, se tank l ap ogmante kantite lotèl li yo+.Tank tè kote l ye a bay rannman, se tank poto sakre li genyen ki fèt an wòch yo vin pi bèl+.   Yo* ipokrit*.Kounye a, moun ap wè yo koupab.Y ap kraze lotèl yo genyen yo e y ap detwi poto sakre ki fèt an wòch yo.   Kounye a, yo pral di: ‘Nou pa gen wa+, paske nou pa gen lakrentif pou Jewova.Epi, ki sa yon wa t ap ka itil nou?’   Yo pale pawòl ki san valè, yo fè fo sèman+ e yo fè yon pakèt alyans.Se sa k fè jijman y ap jwenn nan tankou yon plant ki gen pwazon ki pouse nan yon jaden yo fin raboure+.   Moun ki rete Samari yo ap pè pou estati ti towo bèf ki nan Bètavenn nan+.Moun sa yo pral nan lapenn pou estati a.Se konsa prèt fo dye l yo pral ye tou, yo menm ki te kontan pou li e pou glwa li genyen,Paske l ap kite yo pou l al ann egzil.   Yo pral Asiri ak estati a pou yo fè yon gran wa kado+.Y ap fè Efrayim wont,E Izrayèl ap wont akoz konsèy li te koute a+.   Samari ansanm ak wa l la pral peri* san mank+,Menm jan ak yon ti moso bwa ki kase e k ap flote sou dlo.   Yo pral detwi+ kote yo konn adore fo dye nan Bètavenn yo+, anpalan de peche Izrayèl te fè a+.Se pikan ak chadwon ki pral leve sou lotèl yo genyen yo+.Moun yo ap di mòn yo: ‘Kouvri nou!’E y ap di ti mòn yo: ‘Tonbe sou nou+!’   O Izrayèl, ou te peche depi sa k te pase nan Gibeya a+.Ou kontinye fè menm peche a.Mechan ki nan Gibeya yo pa t mouri* nan lagè. 10  Lè m vle, mwen pral disipline mechan sa yo tou.Moun pral rasanble pèp yo pou yo fè lagè avèk yoLè yo mare toule de peche yo te fè yo sou yo*. 11  Efrayim te yon ti gazèl bèf yo te drese ki renmen raboure tè,Se sa k fè m pa t met anyen sou kou l.Kounye a, mwen pral fè yon moun met yon sèl sou do Efrayim pou fè l raboure tè+.Jida pral raboure tè. Jakòb pral vire tè pou moun sa a. 12  Plante sa ki dwat, epi rekòlte lanmou ki fidèl.Raboure tè ki bay bon rannman an+Pandan nou kapab chèche m toujou, mwen menm, Jewova+,Jiskaske m vin aprann nou fè sa ki dwat+. 13  Men, se sa ki mal nou plante,E se sa k pa dwat nou rekòlte+.N ap peye poutèt nou twonpe tèt nou,Paske nou te kwè nan tèt nouAk nan pakèt sòlda nou genyen pou n fè lagè yo. 14  Yo pral fè yon gwo bri sou pèp nou an.Yo pral kraze tout vil nou genyen ki byen pwoteje yo+,Menm jan Chalman* te kraze moun ki abite Abèl yoNan jou batay kote yo te rache ni manman ni pitit fè miyèt moso a. 15  O Betèl, se sa yo pral fè w+ akoz vye bagay mal w ap fè byen klè yo.Kou l jou, y ap touye wa Izrayèl la* san mank+.”

Nòt anba paj

Se kapab tou: “yon pye rezen k ap ouvri kò l”.
Oswa: “Kè yo”.
Oswa: “mètdam”.
Oswa: “pral fè silans”.
Oswa: “pa t detwi nèt”.
Sa vle di lè yo pote pinisyon yo tankou yon jouk.
Sanble, pou anpil moun, Chalman se yon fason kout yo te rele Salmanaza. Petèt se te Salmanaza V.
Lit.: “y ap fè wa Izrayèl la fè silans”.