Oze 12​:​1-14

  • Efrayim dwe retounen vin jwenn Jewova (1-14)

    • Jakòb te lite ak Bondye (3)

    • Jakòb te kriye pou Bondye fè l favè (4)

12  “Efrayim met espwa l nan bagay ki pa vo anyen*.Tout lajounen l ap kouri dèyè van ki sot nan direksyon lès la.L ap fè manti e l ap fè vyolans san rete.Li fè yon alyans ak Asiri+ e li pote luil bay Ejip+.   Jewova gen yon kont pou l regle ak Jida+.L ap pini Jakòb pou fason Jakòb aji,E l ap fè l peye sa l fè+.   Lè Jakòb te nan vant, li te kenbe talon pye frè l la+.Annapre, li te lite ak Bondye ak tout fòs+.   Li te kontinye lite ak yon zanj e li te genyen.Li te kriye e li te sipliye l pou l fè l favè+.”Bondye te rankontre l Betèl, e se la Bondye te pale avèk nou+.   Li se Jewova, Bondye ki Chèf lame yo+.Se pou moun sonje non li se Jewova+.   “Kidonk, retounen vin jwenn Bondye nou an+.Kontinye demontre lanmou ki fidèl e kontinye fè sa ki dwat+,Epi toujou met espwa nou nan Bondye nou an.   Epoutan, se fo balans negosyan* an gen nan men l.Li renmen fè magouy+.   Efrayim kontinye ap di: ‘Mwen vin rich toutbon+.Mwen vin gen anpil richès+,E nan tout travay di mwen fè yo, yo pap jwenn okenn peche oswa bagay mal mwen fè.’   Men, se mwen menm, Jewova, ki Bondye w depi lè w te nan peyi Ejip+.Mwen pral fè w ret anba tant ankò,Tankou w te konn fè nan moman fèt yo. 10  Mwen te pale ak pwofèt yo+,Mwen te ba yo anpil vizyon.Mwen te sèvi ak pwofèt yo pou m bay yon seri parabòl. 11  Nan Galaad, moun yo te konn twonpe moun*+ e yo te bay manti.Nan Gilgal, moun yo te fè sakrifis towo bèf+,E lotèl yo genyen yo tankou pil wòch ki nan jaden yo raboure+. 12  Jakòb te kouri al nan mawon nan tèritwa Aram*+.Izrayèl+ t al travay pou l gen yon madanm+.Li te gade mouton pou l te ka gen yon madanm+. 13  Jewova te sèvi ak yon pwofèt pou l fè Izrayèl kite peyi Ejip+,E li te sèvi ak yon pwofèt pou l pwoteje l+. 14  Efrayim te fè Bondye fache anpil+.Li ret koupab pou san li te fè koule yo.Seyè l la ap fè l peye pou lawont li te lage sou li a+.”

Nòt anba paj

Lit.: “Efrayim ap manje van”.
Oswa: “komèsan”.
Oswa: “te fè maji; te nan bagay mistik”.
Oswa: “Siri”.