Oze 13​:​1-16

  • Efrayim lage kò l nan adore zidòl, li bliye Jewova (1-16)

    • “O Lanmò, kote pikan w yo?” (14)

13  “Lè Efrayim te pale, moun te pran tranble.Li te gen anpil enpòtans ann Izrayèl+.Men, li te vin koupab akoz li t ap adore Baal+, epi li te mouri.   Kounye a, moun yo ajoute sou peche yo fè a,E yo sèvi ak ajan yo genyen yo pou yo fè estati*+.Yo fò nan fè zidòl. Tout sa yo fè yo se travay atizan.Men sa yo di lè y ap pale de zidòl yo: ‘Se pou moun k ap fè sakrifis la bo ti towo bèf yo+.’   Se sa k fè y ap vin menm jan ak nyaj ki parèt nan maten yo,Y ap tankou lawouze ki disparèt byen bonè,Tankou pay ki sou glasi van tanpèt pote ale,E tankou lafimen k ap soti nan twou ki sou tèt kay yo.   Men, mwen se Jewova, Bondye nou, depi lè nou te nan peyi Ejip+.Apa mwen menm, nou pa t konn okenn lòt Dye,E apa mwen menm, pa gen pèsonn ki ka delivre nou+.   Mwen te pran ka nou nan dezè a+, nan peyi ki gen sechrès la.   Vant nou te plen ak manje nou te manje nan patiraj nou yo+.Vant nou te vin plen e nou te vin gen ògèy nan kè nou.Se sa k fè nou te bliye m+.   M ap vin tankou yon lyon pou nou+,Tankou yon leyopa ki maske kò l nan yon wout.   M ap vin sou nou tankou yon manman lous ki pèdi pitit li,M ap ouvè lestomak* nou de bò.M ap devore nou kote nou ye a tankou yon lyon.Yon bèt sovaj nan bwa ap dechire nou fè miyèt moso.   L ap detwi nou, o pèp Izrayèl,Paske nou te vire kont mwen, mwen menm ki t ap ede nou. 10  Bon, kote wa nou an pou l ta vin sove nou nan tout vil nou genyen yo+,E kote chèf* nou yo nou t ap pale de yo lè n te di:‘Ban nou yon wa ak prens+’? 11  Mwen te ban nou yon wa pandan m te an kòlè+,E m ap retire l pandan m fache anpil+. 12  Move bagay Efrayim fè a byen vlope*.Peche l la byen konsève. 13  Efrayim ap tankou fi ki gen doulè tranche.Men, li se yon pitit ki pa gen sajès.Lè lè a rive pou l fèt, li pa parèt. 14  M ap sove pèp mwen an anba pouvwa Tonm nan*.M ap delivre yo nan lanmò+.O Lanmò, kote pikan w yo+?O Tonm, kote pouvwa w genyen pou w detwi a+?Mwen pap gen okenn pitye. 15  Menmsi yo ta fleri tankou pye wozo,Yon van ki sot nan lès ap vini, se yon van Jewova ap voye.L ap soti nan dezè a pou l seche pi li genyen an ak sous li genyen an.Yon moun ap piye trezò li genyen ki chaje tout kalite bagay ki gen valè yo+. 16  Moun Samari yo ap koupab+ paske yo fè rebèl ak Bondye yo a+.Se anba kout epe y ap tonbe+.Y ap dechire pitit yo genyen yo fè miyèt mosoE y ap fann vant fanm ansent yo.”

Nòt anba paj

Oswa: “pou yo fè estati ki fèt ak metal yo fonn”.
Lit.: “kloti kè”.
Lit.: “jij”.
Oswa: “sere”.
Oswa: “Cheyòl”. Se tonm ki la pou moun ki mouri ale. Gade Lis mo yo esplike yo.