Oze 3​:​1-5

  • Oze repran madanm li ki te fè adiltè (1-3)

  • Izrayèl ap retounen al jwenn Jewova (4, 5)

3  Epi, Jewova di m: “Retounen al renmen fi lòt gason te renmen an e ki te fè adiltè a+, menm jan Jewova renmen pèp Izrayèl la+, alòske y al sèvi lòt dye+ e yo renmen ba yo gato rezen*.”  Se sa k fè mwen te achte l pou 15 pyès ann ajan ak yon homè edmi* lòj*.  Apre sa, mwen te di l: “W ap ret pou mwen pou anpil tan. Ou pa dwe aji tankou yon pwostitye*, ni ou pa dwe gen relasyon ak yon lòt gason, e mwen menm, m ap aji menm jan an avè w*.”  Paske, pandan anpil tan*, pèp Izrayèl la pral rete san l pa gen ni wa+, ni prens, ni sakrifis, ni poto sakre ki fèt an wòch, ni efòd*+ ak estati terafim* nan mitan l+.  Apre sa, y ap retounen, y ap chèche Jewova, Bondye yo a+, ak David, wa yo a+. Y ap vin tou ap tranble devan Jewova pou yo ka jwenn favè l nan dènye jou yo+.

Nòt anba paj

Anpalan de gato yo itilize nan fo adorasyon.
Oswa: “anviwon 108 gwo mamit”. Yon homè egal 220 lit. Gade Apendis B14.
Se yon kalite manje angren.
Oswa: “pa dwe fè imoralite (fè sèks ak plizyè lòt gason)”.
Oswa: “e mwen pap gen relasyon avè w”.
Oswa: “dye fanmi; zidòl”.
Sanble se yon rad ki te tankou yon tabliye e ki te gen yon pati ki bay sou devan ak yon pati ki bay pa dèyè.
Lit.: “anpil jou”.