Oze 4​:​1-19

  • Jijman Jewova kont pèp Izrayèl la (1-8)

    • Pa gen konesans sou Bondye nan peyi a (1)

  • Pèp Izrayèl la ap adore zidòl e yo imoral anpil (9-19)

    • Lè se imoralite ki nan lespri yon moun, l ap pèdi wout li (12)

4  Tande pawòl Jewova, o pèp Izrayèl,Paske, Jewova gen yon jijman pou l fè kont moun ki abite nan peyi a+,Paske, pa gen ni verite, ni lanmou ki fidèl, ni konesans sou Bondye nan peyi a+.   Fo sèman, manti+, zak asasinay+,Vòl ak adiltè+ gaye toupatou.Y ap plede touye moun youn dèyè lòt+.   Se sa k fè peyi a gen pou l nan lapenn+,E tout moun nan peyi a ap fin depafini.Bèt bwa yo ak zwazo ki nan syèl la ap mouri,E menm pwason nan lanmè a ap mouri.   “Men, pinga pèsonn diskite ak yon lòt moun oswa blame l+,Paske, pèp nou an tankou moun k ap fè diskisyon ak yon prèt+.   Se sa k fè pèp nou an ap kilbite gwo jounen,E pwofèt yo ap kilbite ansanm avèk yo, kòmsi se te lannuit.Epi, m ap fè manman nou fèmen bouch li*.   Y ap fè pèp mwen an fèmen bouch li*, paske li pa gen konesans sou mwen.Piske yo refize gen konesans sou mwen+,M ap voye yo jete, yo pap travay kòm prèt pou mwen ankò.E piske yo te bliye lwa* Bondye yo a+,Mwen menm tou, m ap bliye pitit yo genyen yo.   Tank yo te vin anpil, se tank yo te peche kont mwen+.Olye yo te ban m glwa, se lawont yo te lage sou mwen*.   Lè pèp mwen an peche, prèt yo manje anpil vyann.Epi yo toujou anvi* pou pèp mwen an peche.   Se menm bagay la k ap rive ni pèp la, ni prèt yo.M ap regle avè yo pou fason yo aji.M ap pini yo pou sa yo fè+. 10  Y ap manje, men vant yo pap plen+.Y ap kouche ak plizyè fi*, men yo pap gen anpil pitit+.Paske, yo pa t montre okenn respè pou mwen menm, Jewova. 11  Pwostitisyon* ak diven ki fèk fètSe bagay ki retire bon entansyon moun genyen pou yo fè sa ki dwat*+. 12  Pèp mwen an pale ak zidòl an bwa yo genyen yoE yo fè sa baton* yo di yo fè.Paske, tandans yo gen nan lespri yo pou yo lage kò yo nan pwostitisyon* fè yo pèdi wout yo,E lefètke yo lage kò yo nan pwostitisyon*, sa fè yo refize soumèt devan Bondye yo a. 13  Yo fè sakrifis sou tèt mòn yo+.Yo fè sakrifis pou fè lafimen monte sou tèt ti mòn yo,Anba pye bwadchèn yo, anba pye stiraks* yo e anba tout kalite gwo pyebwa+,Paske pyebwa sa yo bay bon lonbray.Se sa k fè pitit fi nou yo vin tounen pwostitye*E bèlfi nou yo fè adiltè. 14  Mwen pap pini pitit fi nou yo poutèt yo lage kò yo nan pwostitisyon*E mwen pap pini bèlfi nou yo poutèt yo fè adiltè.Paske mesye yo pati ak medam ki pwostitye yo,E y al fè sakrifis ansanm ak medam ki pwostitye nan tanp yo.Yon pèp konsa ap fini paske l san konprann+. 15  O Izrayèl, menmsi w lage kò w nan pwostitisyon*+,Jida, li menm, pa dwe fè menm peche a+.Pinga nou vin Gilgal+ oswa Bètavenn+,E pinga nou fè sèman pou n di: ‘Menm jan li klè Jewova vivan+!’ 16  Paske, menm jan ak yon bèf ki gen tèt di, Izrayèl vin gen tèt di+.Kounye a, èske Jewova ap pran swen yo menm jan moun pran swen yon jenn mal mouton ki nan savann*? 17  Moun Efrayim yo atache ak zidòl+.Kite yo fè sa yo vle! 18  Lè byè* yo genyen yo fini,Yo lage kò yo nan kouche ak plizyè moun*+.Epi, moun ki alatèt* yo vrèman renmen bagay ki fè moun wont. 19  Van ap pran Efrayim al avè l,Epi, l ap wont pou sakrifis li fè yo.”

Nòt anba paj

Oswa: “m ap detwi manman nou”.
Oswa: “Y ap detwi pèp mwen an”.
Oswa: “lòd”.
Se kapab tou: “Yo te pito lawont nan plas glwa mwen”.
Oswa: “yo leve nanm yo”. Gade “Nanm” nan Lis mo yo esplike yo.
Oswa: “Y ap vin imoral anpil; Y ap lage kò yo nan aji tankou pwostitye”.
Lit.: “retire kè”.
Oswa: “Imoralite; Sèks ak plizyè moun”.
Oswa: “baton divinò”.
Oswa: “pou yo fè imoralite; pou yo fè sèks ak plizyè moun”.
Oswa: “yo fè imoralite; yo fè sèks ak plizyè moun”.
Se yon pyebwa ki fè bèl flè ki bay bon sant.
Oswa: “pitit fi nou yo lage kò yo nan fè imoralite; pitit fi nou yo lage kò yo nan fè sèks ak plizyè gason”.
Oswa: “poutèt yo fè imoralite; poutèt yo fè sèks ak plizyè gason”.
Oswa: “menmsi w fè imoralite; menmsi w fè sèks ak plizyè moun”.
Lit.: “ki nan yon kote ki gen anpil espas”.
Oswa: “Epi, byè ki fèt ak ble”.
Oswa: “Yo vin imoral anpil; Yo lage kò yo nan fè pwostitisyon”.
Lit.: “Epi, boukliye”.