Oze 5​:​1-15

  • Jijman kont Efrayim ak Jida (1-15)

5  “Nou menm, prèt, tande+,Nou menm, moun Izrayèl, koute byen,E nou menm, moun ki lakay wa a, koute,Paske yo pral jije nou.Paske nou se yon pyèj pou MispaE nou se yon filè yo lage sou Tabò+.   Rebèl yo* lage kò yo nèt nan fè masak.M ap ba yo tout avètisman*.   Mwen konnen Efrayim,E Izrayèl pa ka kache pou mwen.Paske, ou menm Efrayim, kounye a, ou lage kò w nan fè sèks ak plizyè moun*.Izrayèl sal tèt li+.   Fason yo aji yo pa pèmèt yo retounen vin jwenn Bondye yo a,Paske sa ki nan lespri moun yo se lage kò yo nan pwostitisyon*+,E yo pa bay Jewova regle anyen pou yo.   Ògèy Izrayèl genyen an kondane l*+.Izrayèl ak Efrayim tonbe nan peche,E Jida tonbe ansanm avèk yo+.   Yo t al ak twoupo mouton ak twoupo bèf yo genyen yo pou y al chèche Jewova,Men, yo pa t ka jwenn li.Li t al kache pou yo+.   Yo trayi Jewova+,Paske yo fè pitit ak fi lòt nasyon.Kounye a, nan yon mwa y ap detwi yo* ansanm ak eritaj* yo genyen yo.   Sonnen kòn nan+ Gibeya e sonnen twonpèt nan Rama+!Fè gwo rèl nan Bètavenn+ tankou moun ki nan lagè! O Benjamen, n ap suiv ou.   O Efrayim, w ap vin tounen yon bagay ki bay laperèz nan jou pinisyon an+.Mwen anonse sa k pral rive san mank nan tribi Izrayèl yo. 10  Chèf nan Jida yo tankou moun k ap deplase bòn tè+.M ap vide kòlè m sou yo tankou dlo. 11  Moun te toupizi Efrayim, yo te gen rezon kraze lPaske li te deside suiv ènmi l lan+. 12  Se sa k fè mwen te manje Efrayim tankou mit k ap manje bwa,E m ap fè Jida vin tankou yon bwa pouri. 13  Lè Efrayim te gade maladi l genyen an e Jida te gade maleng li an,Efrayim t al Asiri+ e li te voye yon seri mesaje kot yon gran wa*.Men, wa sa a pa t ka geri nouE li pa t ka geri maleng nou an. 14  Paske, m ap vin tankou yon jenn lyon pou EfrayimE m ap vin tankou yon lyon ki gen anpil fòs* pou moun Jida yo.M ap dechire yo fè miyèt moso epi m ap vire m ale+.M ap pote yo ale e pap gen pèsonn pou delivre yo+. 15  Mwen prale e m ap tounen nan plas mwen jiskaske yo peye sa yo te fè yo.Apre sa, y ap chèche jwenn favè m*+.Lè yo nan malè, y ap chèche m+.”

Nòt anba paj

Oswa: “Moun ki kite wout la”.
Oswa: “M ap disipline yo tout”.
Oswa: “nan fè imoralite; nan pwostitisyon”.
Oswa: “se fè imoralite; se fè sèks ak plizyè moun”.
Lit.: “kondane l nan figi l”.
Oswa: “tè”.
Se kapab tou: “Kounye a, yon mwa ap devore yo”.
Oswa: “kot wa Jarèb”.
Oswa: “yon jenn lyon ki gen krinyè”.
Lit.: “chèche fas mwen”.