Oze 6​:​1-11

  • Yon envitasyon pou yo retounen al jwenn Jewova (1-3)

  • Pèp la pa gen yon lanmou ki fidèl vre (4-6)

    • Lanmou ki fidèl pi bon pase sakrifis (6)

  • Konduit pèp la fè moun wont (7-11)

6  “Vini! Ann retounen al jwenn Jewova,Paske li dechire nou fè miyèt moso+, men l ap geri nou.Li frape nou, men l ap bande kote nou blese yo.   Apre de jou, l ap ban nou lavi ankò.Sou twazyèm jou a, l ap leve nou,Epi, n ap viv devan l.   Nou pral konnen Jewova. N ap fè tout sa n kapab pou n chèche konnen l.Menm jan wè pa wè solèy la ap leve, se konsa l ap vini kanmenm.L ap vin sou nou tankou lapli k ap tonbe,Wi, tankou lapli nan sezon prentan ki byen mouye tè a.”   “Ki sa pou m fè avè w, Efrayim?Ki sa pou m fè avè w, Jida?Paske, lanmou ki fidèl nou genyen tankou nyaj ki parèt nan maten,Tankou gout lawouze ki disparèt byen vit.   Se sa k fè m ap sèvi ak pwofèt yo pou m koupe yo fè miyèt moso+.M ap gen pou m touye yo ak pawòl k ap sot nan bouch mwen+.Epi, pinisyon n ap jwenn yo ap parèt klè kou limyè+.   Paske, se lanmou ki fidèl ki fè m plezi, se pa sakrifis.Se konesans sou Bondye ki fè m plezi, se pa sakrifis yo boule nèt+.   Men, yo pa respekte alyans lan menm jan ak moun ki lage kò yo nan peche+.Yo trayi m nan peyi yo a.   Galaad se yon vil ki chaje ak moun mechan+.Peyi a chaje ak moun k ap fè san koule+.   Gwoup prèt yo tankou yon bann vòlè k ap tann anbiskad pou moun.Yo asasinen moun sou wout Sichèm nan+.Epi, konduit yo fè moun wont. 10  Mwen wè yon bagay ki bay moun Izrayèl yo laperèz.Moun Efrayim yo vin tounen pwostitye nan peyi yo a+.Izrayèl sal tèt li+. 11  O Jida, mete sou sa, ou pral fè yon rekòt,Lè m rasanble tout moun nan pèp mwen an ki ann egzil yo+.”

Nòt anba paj