Oze 7​:​1-16

  • Bagay mal Efrayim fè yo (1-16)

    • Pèsonn pa ka chape anba filè Bondye a (12)

7  “Chak fwa m ap eseye geri Izrayèl,Peche Efrayim nan parèt byen klè+Ansanm ak bagay mal moun Samari yo fè yo+,Paske y ap mache twonpe moun+.Yo antre, yo vòlè, epi yo sot deyò al tann anbiskad+.   Men, yo pa di nan kè yo m ap sonje tout bagay mal yo fè yo+.Kounye a, bagay mal yo fè yo tounen yon pyèj pou yo.Pa gen anyen yo fè mwen pa wè.   Yo fè kè wa a kontan ak bagay mal yo fè yo,E magouy yo fè fè prens yo kontan.   Yo tout nan adiltè.Yo cho tankou yon fou yon bòs boulanje limenE li sispann chofe dife a apre l fin petri pat la jiskaske pat la leve.   Nan jou wa nou an t ap fete a, prens yo te vin malad.Diven te fè yo vin an kòlè anpil+.Wa a te annafè ak moun k ap pase moun nan rizib.   Y ap avanse ak kè yo cho tankou yon fou*.Pandan tout nuit lan, bòs boulanje a ap dòmi.Nan maten, fou a limen tou wouj.   Yo tout cho tankou yon fou,E yo devore moun k ap dirije yo*.Tout wa yo tonbe+,Pa gen youn nan yo ki rele m+.   Efrayim fè yon sèl ak nasyon yo+.Efrayim tankou yon pen won yo pa vire bò.   Moun lòt nasyon yo fin manje fòs li+, men li pa remake sa.Epi, cheve l fin blanchi, li pa wè sa. 10  Ògèy moun Izrayèl yo kondane yo+.Aktout sa, yo pa retounen vin jwenn Jewova, Bondye yo a+.E malgre tout bagay sa yo, yo pa chèche l. 11  Moun Efrayim yo tankou pijon ki egare. Yo pa gen bonsans+.Yo rele Ejip pou yo mande l sekou+, e y al jwenn Asiri+. 12  Kèlkeswa kote y ale, m ap voye filè m sou yo.M ap fè yo tonbe atè tankou zwazo nan syèl.M ap pini yo jan m te avèti yo a+. 13  Malè ap tonbe sou yo, paske yo kouri kite m.Y ap depafini, paske yo peche kont mwen.Mwen te pare pou m delivre yo, men yo bay manti sou mwen+. 14  Yo pa t rele m pou yo mande m sekou ak tout kè yo+,Malgre yo te kontinye ap plenn sou kabann yo.Yo filange kò yo pou manje angren ak diven.Yo vin ap fè rebèl avè m. 15  Byenke mwen te ba yo disiplin e mwen te ba yo fòs pou yo travay,Yo vin kont mwen, y ap fè plan pou yo fè sa ki mal. 16  Yo chanje wout, men se pa pou yo fè yon bagay ki pi enpòtan*.Yo tankou yon vye banza* moun pa ka fè konfyans+.Prens yo genyen yo ap tonbe anba kout epe paske yo manke moun dega ak lang yo.Se poutèt sa, moun ap pase yo nan rizib nan peyi Ejip+.”

Nòt anba paj

Se kapab tou: “Paske, kè yo tankou yon fou lè y ap vini ak mannigans y ap fè yo”.
Lit.: “k ap jije yo”.
Sa vle di se pa pou yon adorasyon ki wo nivo.