Oze 8​:​1-14

  • Moun k ap adore zidòl yo ap peye pou sa (1-14)

    • Simen van, rekòlte van tanpèt (7)

    • Izrayèl bliye Sila a ki te fè yo a (14)

8  “Sonnen kòn+!Gen yon ènmi ki vin atake pèp* Jewova a tankou yon èg+,Paske yo pa respekte alyans mwen an+ e yo dezobeyi lwa m nan+.   Yo te rele m byen fò, yo di: ‘O Bondye nou an, nou menm pèp Izrayèl, nou konnen w+!’   Moun Izrayèl yo voye sa ki byen jete+.Se pou yon ènmi kouri dèyè yo!   Yo met wa dirije yo san m pa ba yo dwa fè sa.Yo met prens sou tèt yo, men, mwen pa rekonèt yo.Yo fè zidòl ak ajan ak lò yo genyen yo+,E se sa k ap lakòz yo detwi+.   O Samari, mwen voye estati ti towo bèf ou a jete+.Mwen an kòlè anpil kont moun sa yo+.Pandan konbyen tan y ap rete san yo pa pirifye tèt yo pou sa yo fè ki mal?   Paske se ann Izrayèl li soti.Se yon atizan ki fè l, li pa Bondye.Estati ti towo bèf Samari a ap kraze fè miyèt moso.   Piske se van moun sa yo ap simen,Y ap rekòlte van tanpèt+.Pa gen yon branch k ap bay grenn ki mi*+.Pa gen okenn boujon k ap bay farin.Si youn ta donnen, moun lòt nasyon yo ap pran tout sa l bay+.   Ènmi an ap vale moun Izrayèl yo+.Kounye a, yo pral pami nasyon yo+,Tankou yon veso pèsonn pa bezwen.   Paske, yo monte al Asiri+ tankou yon bourik mawon ki poukont li.Efrayim peye pwostitye pou kouche avè l+. 10  Byenke pwostitye yo peye yo se nan lòt nasyon yo pran yo,Kounye a, mwen pral mete yo ansanm.Yo pral kòmanse soufri+ akoz fado wa yo ak prens yo met sou do yo. 11  Moun Efrayim yo fè yon pakèt lotèl, sa ki lakòz yo peche+.Lotèl sa yo te vin tounen lotèl pou moun fè peche+. 12  Mwen te ekri anpil lwa* pou yo,Men, yo te meprize lwa m yo+. 13  Yo fè sakrifis pou mwen, yo manje vyann yo.Men, mwen menm, Jewova, mwen pa pran plezi nan sakrifis yo fè yo+.Kounye a, m ap sonje peche yo e m ap pini yo pou sa+.Yo retounen* ann Ejip+. 14  Moun Izrayèl yo bliye Sila a ki te fè yo a+, yo bati yon pakèt tanp+,E moun Jida yo fè yon pakèt vil ki byen pwoteje+.Men, m ap voye dife nan vil yo genyen yo,E dife a ap boule fòtrès ki nan chak vil+.”

Nòt anba paj

Oswa: “tanp”.
Oswa: “ki sou pye”.
Oswa: “lòd”.
Se kapab tou: “Yo pral tounen”.