Oze 9​:​1-17

  • Bondye rejte Efrayim akoz peche Efrayim yo (1-17)

    • Y al adore dye ki fè moun wont lan (10)

9  “Pinga kè w kontan, o Izrayèl+.Pinga w montre w kontan menm jan ak pèp yo.Paske nan lage kò w nan pwostitisyon*, w al lwen Bondye w la+.Ou renmen sa yo peye pwostitye ki sou tout glasi kote yo konn bat manje angren yo+.   Men, kote yo konn bat manje angren yo ak près diven yo pap ba yo manje.Pap gen bon diven ankò+.   Yo pap kontinye ret nan peyi Jewova a ankò+.Okontrè, Efrayim pral retounen ann Ejip,E y ap manje bagay ki pa pwòp nan peyi Asiri+.   Yo pap vide diven kòm ofrann bay Jewova ankò+.Sakrifis yo fè yo pap fè l plezi+.Yo tankou manje moun manje lè yo gen lanmò.Nenpòt moun ki manje yo ap kontamine tèt li.Paske se pou yo* sèlman manje sa yo ye.Yo pap pote yo nan kay Jewova a.   Ki sa n ap fè lè jou a rive pou nou reyini*,Oubyen lè jou a rive pou nou fè yon fèt pou Jewova?   Paske, gade! Lè yo vin detwi yo, y ap kouri+.Moun Ejip yo ap fè yo rasanble+, e moun Menmfis yo ap antere yo+.Pye pikan yo ap anvayi bagay ki fèt ann ajan yo genyen ki gen anpil valè yo,E pikan pral pouse nan tant yo.   Jou pou yo pini yo a rive+,Jou pou Bondye ba yo sa yo merite a.E Izrayèl pral konn sa.Pwofèt yo a pral vin sòt, e moun lespri bay mesaj la ap fou.Piske nou fè anpil peche, yo rayi nou anpil.”   Moun ki t ap veye+ pou Efrayim nan te avèk Bondye+.Men, kounye a, pwofèt yo+ tankou pyèj moun k ap chase zwazo tann sou tout wout Efrayim yo.Gen rayisman nan kay Bondye l la.   Yo fin pouri nèt, menm jan sa te rive nan Gibeya a+.Li pap bliye bagay mal yo fè e l ap pini yo pou peche yo fè+. 10  “Mwen wè Izrayèl tankou rezen ki nan dezè+.Mwen wè zansèt li yo tankou fig frans ki donnen anvan lè.Men, yo t al jwenn Baal ki nan Peyò a+.Yo t ap adore bagay* ki fè moun wont lan+,Yo vin bay repiyans menm jan ak bagay yo renmen an. 11  Glwa Efrayim vole ale tankou yon zwazo.Pa gen pèsonn ki fè pitit e pa gen ni fi ki gwo vant, ni fi ki vin ansent+. 12  Menmsi yo ta leve pitit,M ap touye pitit yo jiskaske pa ret youn ankò+.Wi, malè pou yo lè m vire do ba yo+! 13  Menm jan ak vil Ti, mwen te wè yo plante Efrayim nan yon savann+.Kounye a, Efrayim dwe mennen pitit li yo deyò pou yo touye yo.” 14  O Jewova, ba yo sa ou dwe ba yo a.Ba yo yon vant k ap fè foskouch ak tete ki sèch*. 15  “Se nan Gilgal yo te fè tout bagay mal yo te fè yo+, paske se la mwen te vin rayi yo.M ap mennen yo lwen kay mwen an akoz bagay mal y ap fè yo+.Mwen pap renmen yo ankò+.Tout prens ki lakay yo gen tèt di. 16  Efrayim pral blese+.L ap tankou yon plant rasin li seche, e li pap bay okenn fwi.Menmsi yo ta fè pitit, m ap touye pitit yo.” 17  Bondye m nan ap voye moun yo jete,Paske yo pa t koute l+,E y ap vin tounen moun ki nan mawon pami nasyon yo+.

Nòt anba paj

Oswa: “nan fè imoralite; nan fè sèks ak plizyè moun”.
Oswa: “pou nanm yo”.
Oswa: “Ki sa n ap fè lè jou fèt nou an rive”.
Oswa: “dye”.
Oswa: “tete ki plat”.