Sofoni 2​:​1-15

  • Chèche Jewova anvan jou kòlè l la rive (1-3)

    • Chèche fè sa ki jis; chèche gen imilite (3)

    • “Petèt n ap jwenn pwoteksyon” (3)

  • Jijman nasyon ki ozalantou yo (4-15)

2  O nou menm nasyon ki pa konn wont+,Rasanble! Wi, se pou nou rasanble+.   Anvan sa Bondye dekrete a fèt,Anvan jou a pase tankou pay van ap pote,Anvan gwo kòlè Jewova a vin sou nou+,Anvan jou kòlè Jewova a rive sou nou,   Chèche Jewova+, nou tout sou tè a ki gen imilite,Nou menm k ap obeyi lwa l yo ki jis*.Chèche fè sa ki jis; chèche gen imilite.Petèt n ap jwenn pwoteksyon nan jou kòlè Jewova a+.   Paske, Gaza pral tounen yon vil yo abandone,E Achkelon pral vin yon vil ki pa gen moun ladan l+.Ènmi an pral mennen moun Achdòd yo ale gran jounen*.Epi, yo pral derasinen Ekwon+.   “Malè pou moun ki abite bò lanmè yo, moun nan nasyon Keretit yo+!Jewova kondane nou.O Kanaran, peyi moun Filisti yo, m ap detwi w.Konsa, ou pap ret okenn moun ankò.   Epi, zòn bò lanmè yo ap vin tounen kote pou bèt vin manje,E ap gen pi dlo pou bèje yo ak patiraj ki fèt an wòch pou mouton yo.   L ap vin tounen yon zòn k ap pou rès moun Jida yo+.Se la y ap manje.Leswa, y ap kouche nan kay ki nan Achkelon yo.Paske Jewova, Bondye yo a, ap vire gade yo*,E l ap fè moun ki t al ann egzil yo retounen+.”   “Mwen tande jouman moun Mowab yo+ e mwen tande move pawòl desandan Amon yo di+,Yo menm ki t ap pase pèp mwen an nan rizib e ki te awogan lè yo t ap fè l menas y ap pran tèritwa l la+.   Se sa k fè, menm jan li klè mwen vivan, mwen fè sèmanMowab ap vin tankou Sodòm+,E desandan Amon yo ap vin tankou Gomò+,Yon kote ki plen pikan, yon tè sale ak yon kote k ap toujou dezè+.Rès moun ki nan pèp mwen an ap dechèpiye yo,E moun ki rete nan nasyon m nan ap pran sa yo genyen.” Se sa Jewova, Chèf lame yo, Bondye Izrayèl la, di. 10  “Se sa y ap jwenn poutèt yo gen ògèy+,Paske, yo te pase pèp Jewova, Chèf lame yo, nan rizib e yo te gonfle lestomak yo sou li. 11  Jewova ap fè yo vin pè anpil,L ap detwi tout fo dye ki gen sou tè a*,Epi, tout nasyon k ap viv nan zile yo ap vin pwostène devan l*+.Chak moun ap sot nan zòn pa yo. 12  Nou menm, moun Etyopi, m ap touye nou anba kout epe tou+. 13  Bondye ap lonje men l nan direksyon nò, l ap detwi Asiri,E l ap fè Niniv vin vid+, l ap fè l vin sèch tankou yon dezè. 14  Yon bann ak yon pakèt bèt ap vin kouche ladan l, epi tout kalite bèt bwa* ap vin rete ladan l.Grangozye ak pòkepik* ap pase nuit yo sou poto ki fèt an wòch li genyen ki tonbe yo.Y ap tande yon vwa k ap soufle nan fenèt yo.Pral gen yon ravaj kote yo konn bat manje angren yo,Paske l ap retire sa k te kouvri planch sèd yo. 15  Men vil ki te gen ògèy la, ki te santi l byen pwoteje a,E ki te konn di nan kè l: ‘Se mwen sèl ki konsa, pa gen tankou m.’Gade ki jan li vin tounen yon bagay ki fè moun pè,Yon kote pou bèt bwa kouche!Tout moun k ap pase bò kote l ap ri l e y ap souke tèt yo*+.”

Nòt anba paj

Lit.: “obeyi desizyon l”.
Oswa: “ale gwo midi”.
Oswa: “ap pran swen yo”.
Oswa: “L ap fè tout fo dye ki gen sou tè a fin depafini”.
Oswa: “vin adore l”.
Lit.: “epi tout bèt ki nan yon nasyon”.
Se yon bèt ki tankou yon gwo rat ki gen pikan sou kò l pou pwoteje l.
Lit.: “ap soufle e y ap souke pwen yo”.