Tit 3​:​1-15

  • Soumèt nou kòmsadwa (1-3)

  • Prepare nou pou nou fè bèl travay (4-8)

  • Evite diskisyon ki san sans, epi evite moun k ap gaye fo ansèyman (9-11)

  • Kèk bagay apot Pòl mande fè ak salitasyon li voye (12-15)

3  Kontinye fè yo sonje pou yo soumèt devan gouvènman yo ak otorite yo+, e pou yo obeyi yo, pou yo pare pou yo fè tout bon travay,  pou yo pa pale pèsonn mal, pou yo pa renmen fè kont, men pou yo rezonab+, pou yo montre yon dousè total anvè tout kalite moun+.  Paske, nou menm tou, gen yon lè nou pa t gen bonsans, nou te dezobeyisan, yo t ap twonpe nou, nou te esklav divès kalite dezi ak plezi, nou t ap viv nan mechanste e nou te anvye sò moun, nou te bay moun degoutans e nou youn te rayi lòt.  Sepandan, lè byenveyans Bondye, Sovè nou an+, ak lanmou li pou lòm te parèt aklè  (se pa t poutèt nou te fè aksyon ki jis+, men se poutèt li gen mizèrikòd+), li te sove nou pa mwayen beny ki fè nou vin ap viv la+ e pa mwayen renouvèlman nou grasa lespri sen+.  Li te vide lespri sa a sou nou ann abondans grasa Jezi Kris, Sovè nou an+,  dekwa pou lè yo fin deklare nou jis grasa favè san parèy li a+, nou ka vin tounen eritye+ ki gen esperans lavi ki pap janm fini an+.  Pawòl sa yo se verite, e mwen ta renmen w kontinye ensiste sou bagay sa yo, dekwa pou moun ki kwè nan Bondye yo ka toujou gen nan lespri yo pou yo kontinye fè bèl travay. Bagay sa yo bèl e yo itil pou lòm.  Men, evite diskisyon ki san sans, evite fè rechèch sou lis zansèt, evite fè kont ak diskisyon sou Lalwa, paske bagay sa yo pa itil e yo pa gen okenn valè+. 10  Kanta pou yon moun k ap gaye fo ansèyman+, ba l yon premye avètisman* epi ba l yon dezyèm+, apre sa, ou pa dwe pran kontak avè l+, 11  piske w konnen yon moun konsa se yon moun ki kite wout la e se peche l ap peche, li kondane pwòp tèt li. 12  Lè m voye Atemas oswa Tichik+ ba ou, fè tout sa w kapab pou w vin jwenn mwen Nikopolis, paske se la mwen deside pase sezon fredi a. 13  Fè sa w kapab pou w bay Zenas, li menm ki byen konn Lalwa, ansanm ak Apolòs sa y ap bezwen pou vwayaj yo a, pou yo ka pa manke anyen+. 14  Men, se pou moun nou yo tou aprann pèsevere nan fè bèl travay pou yo ka ede lòt moun lè gen ijans+, dekwa pou yo pa rete san yo pa bay anyen*+. 15  Tout moun ki avè m yo voye salitasyon pou ou. Mwen voye salitasyon pou tout kwayan parèy nou yo ki gen afeksyon pou nou. Mwen swete pou favè san parèy la avèk nou tout.

Nòt anba paj

Oswa: “yon premye pinga”.
Lit.: “pa bay fwi”.