Travay 27​:​1-44

  • Pòl nan bato pou l al Wòm (1-12)

  • Gwo van frape bato a (13-38)

  • Bato a fè nofraj (39-44)

27  Lè yo deside fè nou pran bato pou n al Itali+, yo remèt Pòl ak kèk lòt prizonye nan men yon ofisye ki rele Jiliyis ki te nan batayon Ogis la.  Nou monte yon bato ki te sot Adramityòm e ki t apral pase nan plizyè pò ki sou kòt tèritwa Azi*, epi nou fè vwal, n ale. Aristak+, yon moun Masedwàn ki sot Tesalonik, te ansanm avèk nou.  Nan demen, nou fè tè Sidon. E Jiliyis te byen boule ak Pòl, li te pèmèt li al kay zanmi l pou yo pran swen l.  De la etan, nou repran lanmè. Men, akoz van yo ki t ap bat nou, nou pase bò zile Chip, ki te vin bare van an pou nou.  Nou travèse gwo lanmè ki anfas Silisi ak Panfili a, epi nou antre nan pò Mira ki nan Lisi.  Lè nou rive la, ofisye a jwenn yon bato ki sot Aleksandri ki pral ann Itali, li fè nou monte ladan l.  Epi, apre nou fin pase plizyè jou ap navige tou dousman, nou rive Nid anba redi. Piske van an pa t pèmèt nou avanse, nou pase nan zòn Salmone ki nan zile Krèt, ki te vin bare van an pou nou.  Se anba redi nou pase sou kòt la, epi nou rive yon kote ki rele Bon Pò, toupre vil Laze.  Kòm te gen yon bon kantite tan ki te pase, e kounye a te vin gen danje pou moun pran lanmè, paske menm jou Pirifikasyon an*+ te gentan pase, Pòl bay yon konsèy, 10  li di yo: “Mesye, mwen santi vwayaj la pral gen malè ladan l, e ap gen gwo pèt. Mwen pap pale sèlman pou chajman an ak bato a, men m ap pale pou lavi* nou tou.” 11  Men, ofisye a te pito koute kapitèn bato a ak mèt bato a, olye l koute sa Pòl di a. 12  Kòm pò a pa t yon bon kote pou nou pase sezon fredi a, pifò moun te vle kite kote nou ye a, pou wè si yo te ka fè yon jan pou y al pase sezon fredi a Feniks, yon pò nan Krèt ki ouvri sou nòdès ak sidès. 13  Lè yon ti van ki sot nan sid te kòmanse soufle, yo te panse yo te ka rive Feniks. Epi, yo leve lank, e yo kòmanse pase toupre kòt Krèt. 14  Men, apre yon ti tan, yon gwo van nòde* vin frape zile a. 15  Kòm van an t ap bwote bato a, e li pa t ka kenbe tèt ak van an, nou lage ba li, e nou kite l pote n ale. 16  Apre sa, nou pase bò yon ti zile ki rele Koda, ki te vin bare van an pou nou, epoutan se pa ti redi nou te redi pou n te pran ti kannòt ki te pa dèyè bato a. 17  Men, lè yo fin rale l monte nan bato a, yo sentre bato a ak kòd, e kòm yo te pè pou yo pa al chwe sou yon ban sab nan lanmè a ki rele Lasit*, yo desann vwal, e konsa, yo kite bato a ale. 18  Kòm tanpèt la t ap sakaje nou ak anpil fòs, nan demen, yo kòmanse jete chay ki te nan bato a pou fè l vin pi lejè. 19  Sou twazyèm jou a, yo voye ekipman bato a jete ak pwòp men yo. 20  Apre nou fin pase plizyè jou nou pa wè ni solèy ni zetwal, e kòm tanpèt ki t ap frape nou an pa t piti, alafen, sanble pa t gen espwa ankò pou moun sove. 21  Etandone moun yo pa t goute anyen depi yon bon bout tan, Pòl kanpe nan mitan yo, li di: “Mesye, nou te dwe koute konsèy mwen. Lè nou te Krèt la, nou pa t dwe pran lanmè, konsa nou t ap evite tout danje sa yo ak tout pèt sa a+. 22  Men kounye a, m ap di nou pran kouraj, paske pa gen youn* nan nou k ap peri, se sèl bato a k ap kraze. 23  Pandan nuit lan, gen yon zanj+ Bondye m ap adore a, Bondye m ap bay yon sèvis sakre a, ki vin kanpe toupre m, 24  li di: ‘Pòl, ou pa bezwen pè. Ou gen pou w kanpe devan Seza+. Epi, gade! poutèt ou menm, Bondye ap sove lavi tout moun k ap vwayaje avè w yo.’ 25  Ebyen, mesye, pran kouraj. Paske, mwen gen konfyans nan Bondye. Sa ap fèt egzakteman jan zanj lan di m nan. 26  Men, n ap gen pou n chwe sou yon zile+.” 27  Twouve, sou 14yèm nuit lan, pandan van an t ap bwote nou sou lanmè Adriya, a minui, maren yo vin sispèk y ap pwoche toupre yon tè. 28  Yo lage yon sonn nan fon lanmè a, yo jwenn 20 bras*. Epi, yo fè yon ti avanse, yo lage sonn nan ankò, yo jwenn 15 bras*. 29  E kòm yo te pè pou n pa al monte sou resif, yo jete kat lank pa dèyè bato a, e yo t ap tann ki lè pou l jou. 30  Men, maren yo te dèyè sove kite bato a. Sa yo fè, yo desann ti kannòt la nan lanmè, yo pran pòz yo t apral jete lank ki pa devan bato a. 31  Lè sa a, Pòl di ofisye a ak sòlda yo: “Si mesye sa yo pa ret nan bato a, nou pap ka chape+.” 32  Lè sa a, sòlda yo koupe kòd ti kannòt la, epi yo kite l ale. 33  Kounye a, lè l prèt pou l jou, Pòl ankouraje tout moun pou yo manje yon bagay, li di: “Jodi a fè 14 jou depi nou nan pwoblèm e n ap tann, epi nou pa manje anyen ditou. 34  Se sa k fè, m ap ankouraje nou pou nou manje yon bagay, pou byen nou. Paske, pa gen youn nan nou k ap pèdi yon branch cheve nan tèt li.” 35  Lè l fin di sa, li pran yon pen, li di Bondye mèsi devan yo tout, li kase l e li kòmanse manje. 36  Konsa, yo tout vin kontan, e yo kòmanse manje tou. 37  Nou te 276 moun* antou nan bato a. 38  Lè moun yo fin manje kont yo, yo jete ble yo te genyen an nan lanmè pou fè bato a vin pi lejè+. 39  Lè l fè jou, yo pa t ka rekonèt tè a+, men yo te wè yon pwent lanmè ki gen yon plaj, e se sou plaj la yo te deside fè bato a chwe si yo te kapab. 40  Se sa k fè yo koupe kòd lank yo, yo kite yo tonbe nan lanmè, e anmenmtan yo demare kòd ki te kenbe zaviwon ki te sèvi yo gouvènay yo. Lè yo fin monte ti vwal ki pa devan bato a pou van ka pouse bato a, yo met tèt nan direksyon plaj la. 41  Lè yo frape yon ban sab ki te gen lanm lanmè k ap monte sou chak bò l, yo fè bato a chwe sou li. Nen bato a antre ladan l e li ret kole la. Men, dèyè bato a te kòmanse kraze fè plizyè moso akoz lanm lanmè yo+. 42  Lè sòlda yo wè sa, yo deside touye prizonye yo pou okenn nan yo pa naje pou yo sove ale. 43  Men, ofisye a te deside mennen Pòl ale sennesòf. Konsa, li anpeche yo fè sa yo te vle fè a. Li bay moun ki konn naje yo lòd pou yo lage kò yo nan lanmè, pou yo ka al atè anvan. 44  Lòt moun yo menm va ale sou moso planch, oubyen sou lòt bagay ki te nan bato a. Se konsa tout moun rive atè sennesòf+.

Nòt anba paj

La a, Azi fè referans ak yon zòn nan Anpi women an ki te anba pouvwa yon gouvènè.
Yo te konn fete jou Pirifikasyon an nan yon mwa ki rele Tichri ki te tonbe nan zòn mwa septanm/oktòb yo. Sezon lapli a te kòmanse nan mwa sa a e lanmè a te move.
Lit.: “pou nanm”.
An grèk, Erakilon.
Oswa: “pa gen yon nanm”.
Anviwon 36 m (120 pye). Gade Apendis B14.
Anviwon 27 m (90 pye). Gade Apendis B14.
Oswa: “276 nanm”.