Travay 28​:​1-31

  • Moun yo rive sou zile Malt (1-6)

  • Pòl geri papa Pibliyis (7-10)

  • Yo nan bato pou y al Wòm (11-16)

  • Pòl pale ak Juif yo lè l rive Wòm (17-29)

  • Pòl pase dezan lakay li ap preche ak kran (30, 31)

28  Lè nou fin rive sou zile a sennesòf, nou vin aprann li rele Malt+.  Moun k ap viv sou zile a* te boule trè byen avèk nou. Akoz lapli ki t ap tonbe e akoz li te fè frèt, yo te limen yon dife e yo te resevwa nou avèk jantiyès.  Men, etan Pòl fin ranmase yon bon valè bwa sèch e l ap mete yo sou dife a, yon vipè sot nan bwa yo akoz chalè a, li kole nan men Pòl.  Lè moun sou zile yo wè bèt danjere sa a ret pandye nan men Pòl, youn kòmanse di lòt: “Se sèten mesye sa a se yon asasen. Malgre li rive atè sennesòf, li pap kontinye viv, Jistis* pa pèmèt li kontinye viv.”  Men, Pòl souke men l, li lage bèt la nan dife a, e anyen pa rive l.  Moun yo menm t ap tann pou kò l anfle, oswa pou l annik tonbe l mouri. Men, apre yo fin tann yon bonkou tan, e yo wè anyen mal pa rive l, yo chanje lide e yo kòmanse di li se yon dye.  Chèf zile a, yon mesye ki rele Pibliyis, te gen tè toupre kote nou te ye a. Li te byen resevwa nou, e avèk byenveyans, li te ban nou kote pou n rete pandan twa jou.  Twouve, papa Pibliyis te kouche ak lafyèv ak kolerin. Pòl antre al wè l, li priye, li poze men l sou li, epi li geri l+.  Apre sa fin pase, lòt moun ki te malad sou zile a kòmanse vin jwenn Pòl tou, e li geri yo+. 10  Epitou, yo te onore nou, yo te ban nou anpil kado. E lè nou t apral pran bato pou n ale, yo te ban nou tout sa nou t ap bezwen. 11  Twa mwa apre, nou pran yon bato ki te gen yon senbòl “Pitit Zes yo” devan l. Bato a te soti Aleksandri e li te pase sezon fredi a sou zile a. 12  Nou rantre nan pò Sirakiz, e nou pase twa jou la. 13  Pandan nou la, nou pase sou kòt la, e nou rive Regyòm. Nan demen, gen yon van ki soti nan sid ki pran soufle, e sou dezyèm jou a, nou rive Piteyoli. 14  Nou jwenn kèk frè la, e yo sipliye nou pou n pase sèt jou avèk yo. Apre sa, nou rive Wòm. 15  Lè frè yo aprann nou la, yo vin rankontre nou jis nan Mache Apiyis ak nan Twa Obèj*. Lè Pòl wè yo, li di Bondye mèsi e li pran kouraj+. 16  Lè nou resi antre Wòm, yo pèmèt Pòl ret lakay pa l avèk sòlda ki t ap veye l la. 17  Men, twa jou apre, li rele mesye ki enpòtan pami Juif yo. Lè yo tout reyini, li di yo: “Frè m yo, malgre mwen pa fè pèp la anyen ki pa sa, ni mwen pa fè anyen ki kontrè ak koutim zansèt nou yo+, yo lage m nan men Women yo kòm prizonye depi Jerizalèm+. 18  E apre yo fin egzamine ka a+, yo te vle lage m paske yo pa wè m fè anyen ki merite lanmò+. 19  Men, kòm Juif yo pa t dakò, mwen te oblije mande pou m vin devan Seza+, men, sa pa vle di mwen te gen okenn rezon pou m akize nasyon m nan. 20  Se poutèt sa mwen te mande wè nou pou m pale avèk nou. Paske, se poutèt moun pèp Izrayèl t ap tann nan ki fè mwen nan chenn sa a+.” 21  Yo di l: “Nou pa resevwa okenn lèt ki soti Jide konsènan ou menm, nitou pa gen youn nan frè ki vini yo ki di okenn bagay mal sou ou. 22  Men, nou panse li bon pou nou tande opinyon w, paske vrèmanvre, pou sa ki konsène sèk sa a+, nou konnen se tout kote y ap pale l mal+.” 23  Donk, yo antann yo avè l sou yon jou e yo vin jwenn li kote l te rete a. Lè sa a, te gen plis moun ki te vini. E soti nan maten rive jis aswè, Pòl t ap ba yo esplikasyon, li ba yo yon temwayaj konplè sou Wayòm Bondye a, e li sèvi ak Lwa Moyiz la+ ak sa pwofèt yo+ te ekri yo pou l konvenk yo pou yo kwè nan Jezi+. 24  Gen kèk ladan yo ki te kòmanse kwè nan sa l t ap di yo, men, gen lòt ki pa t kwè. 25  E kòm youn pa t dakò ak lòt, yo kòmanse ale. Lè Pòl wè sa, li di: “Lespri sen te byen pale ak zansèt nou yo, pa mwayen pwofèt Ezayi, 26  lè l te di: ‘Al di pèp la: “N ap tande, men nou pap konprann anyen nan sa nou tande a. N ap gade, men nou pap wè anyen+. 27  Paske, kè pèp sa a vin di. Yo tande ak zòrèy yo, men yo pa reyaji, e yo fèmen je yo, pou yo ka pa janm wè ak je yo, e pou yo ka pa janm tande ak zòrèy yo, pou sa yo tande a pa janm touche kè yo, pou yo pa janm kase tèt tounen pou m geri yo+.”’ 28  Se sa k fè nou dwe konnen Bondye voye anonse nasyon yo mesaj delivrans lan+. E san mank, y ap koute l+.” 29  *—— 30  Konsa, Pòl te pase dezan antye nan kay li te lwe a+ e li te konn byen resevwa tout moun ki vin wè l. 31  Li te preche yo Wayòm Bondye a e li te anseye yo bagay ki gen rapò ak Seyè Jezi Kris. Li te alèz anpil pou l pale*+, li te fè sa san pwoblèm.

Nòt anba paj

Oswa: “Moun ki pale yon lòt lang yo”.
Se yon mo grèk, Dike, ki genlè gen rapò ak yon deyès yo te kwè ki te la pou fè moun jwenn jistis, oubyen yo ka ap pale la a de jistis nan yon sans senbolik.
Yon obèj se yon kote moun ka manje e yo ka rete pou yo repoze yo.
Yo pa jwenn vèsè sa a nan kèk ansyen maniskri. Sa montre li pa fè pati Ekriti Bondye enspire yo. Gade Apendis A3.
Oswa: “Li te pale ak anpil kran”.