Zakari 10​:​1-12

  • Mande Jewova fè lapli tonbe, pa mande fo dye yo sa (1, 2)

  • Jewova ini pèp li a (3-12)

    • Chèf ki sot pami moun Jida yo (3, 4)

10  “Mwen menm, Jewova, se pou yo mande m pou m fè lapli tonbe nan lè lapli konn tonbe nan sezon prentan yo.Se mwen menm, Jewova, ki fè nyaj ki lakòz tanpèt,Ki fè lapli tonbe pou lèzòm+,E ki fè jaden bay manje pou tout moun.   Paske, estati terafim yo* pale pawòl pou twonpe moun*.Vizyon divinò yo fè se manti yo ye.Yo rakonte rèv ki san valè,E se pou granmesi y ap eseye konsole moun.Se sa k fè pèp la pral monte desann tankou yon bann mouton.Yo pral soufri, paske yo pa gen bèje.   Mwen an kòlè anpil kont bèje yo,E m ap pini chèf k ap fè abi yo*.Paske mwen menm, Jewova, Chèf lame yo, mwen vire gade twoupo m nan+, mwen vire gade moun Jida yo,E mwen fè yo vin tankou bèl cheval ki konn al nan lagè.   Se nan Jida chèf la* soti.Se nan li chèf k ap ede moun nan* soti,Se nan li banza* sòlda ki konn fè lagè a soti.E se nan li tout moun ki alatèt yo* soti, yo tout ansanm.   Y ap vin tankou sòldaK ap pilonnen labou ki nan lari lè y ap batay.Y ap fè lagè, paske Jewova avèk yo+,E y ap fè moun ki sou cheval yo wont+.   M ap fè moun Jida yo vin gen anpil fòs,E m ap sove fanmi Jozèf+.M ap fè yo reviv,Paske m ap fè yo mizèrikòd+.Yo pral tankou moun mwen pa t janm voye jete+,Paske mwen se Jewova, Bondye yo a, e m ap reponn yo.   Moun ki nan Efrayim yo dwe vin tankou yon sòlda vanyan.Kè yo ap kontan kòmsi se diven yo te bwè+.Pitit gason yo genyen yo ap wè sa e y ap kontan.Kè yo ap kontan grasa Jewova+.   ‘M ap soufle pou m rele yo e m ap rasanble yo ansanm.Piske m ap sove yo+, y ap vin anpil,E y ap kontinye vin anpil.   Byenke mwen gaye yo pami pèp yo tankou semans moun ap simen,Y ap sonje m pandan yo nan zòn ki byen lwen.Yo menm ak pitit gason yo ap rejwenn fòs e y ap retounen. 10  M ap fè yo retounen sot nan peyi Ejip,E m ap fè yo sot Asiri pou m rasanble yo+.M ap mennen yo nan peyi Galaad+ ak nan Liban,E pap gen ase plas pou yo rete ankò+. 11  Mwen dwe sakaje lanmè a pou m pase ladan l,E m ap frape lanm lanmè yo+.Tout fon Rivyè Nil la ap seche nèt.M ap kraze ògèy Asiri,E baton Ejip genyen pou l kòmande a pap la+. 12  Mwen menm, Jewova, m ap fè yo vin gen anpil fòs+,E y ap mache yon fason ki onore non m+.’ Se sa Jewova di.”

Nòt anba paj

Oswa: “dye fanmi yo; zidòl yo”.
Oswa: “pale bagay ki gen rapò ak maji; pale bagay mistik”.
Lit.: “pini bouk kabrit yo”.
Lit.: “Se nan Jida fòtrès ki nan kwen an”. Ekspresyon “fòtrès ki nan kwen an” montre se yon moun ki endispansab oswa ki enpòtan.
Lit.: “Se nan li kwòk la”. Ekspresyon “kwòk la” montre se yon moun ki se yon sipò.
Oswa: “tout moun k ap fè lòt moun travay di”.