Zakari 12​:​1-14

  • Jewova ap defann Jida ak Jerizalèm (1-9)

    • Jerizalèm se “yon wòch ki lou” (3)

  • Y ap kriye byen fò pou sila a yo pèse a (10-14)

12  Men yon mesaj Jewova bay,Li menm ki te blayi syèl la tankou yon dra+,Ki te fè fondasyon tè a+,E ki te met lespri* nan lòm:“Mwen menm, Jewova, men sa m di konsènan Izrayèl:  “M ap fè Jerizalèm vin tounen yon gode* k ap fè tout pèp ki ozalantou l yo balanse de bò. Ènmi yo pral ansèkle Jida ak Jerizalèm+.  Jou sa a, m ap fè Jerizalèm vin yon wòch ki lou pou tout pèp yo. San mank, tout moun ki leve l ap blese grav+. Epi, tout nasyon ki gen sou tè a pral met ansanm pou yo atake l+.”  Men sa Jewova di: “Jou sa a, m ap fè tout cheval yo panike e m ap fè moun ki monte sou cheval yo vin pèdi tèt yo. M ap kontinye voye je sou moun Jida yo, men m ap fè tout cheval pèp yo genyen yo vin avèg.  Chèf tribi nan peyi Jida yo pral di nan kè yo: ‘Moun Jerizalèm yo se fòs Jewova, Chèf lame yo, Bondye yo a, ban nou+.’  Jou sa a, m ap fè chèf tribi nan peyi Jida yo vin tankou yon bòl plen dife ki nan mitan bwa e m ap fè yo vin tankou yon bwa dife ki nan yon pake manje angren+, epi y ap boule tout pèp ki ozalantou yo, ni sa k adwat, ni sa k agoch+. Moun Jerizalèm yo ap vin abite Jerizalèm ankò, menm kote yo te ye a*+.  “Jewova pral sove tant Jida a anvan, yon fason pou glwa fanmi David la ak glwa moun ki rete Jerizalèm yo pa depase glwa moun Jida yo twòp.   Jou sa a, Jewova ap yon pwoteksyon toutotou moun Jerizalèm yo+. Jou sa a, moun ki bite* pami yo ap gen fòs tankou David, e fanmi David ap vin pisan tankou Bondye, tankou zanj Jewova k ap gide yo+.  Epi, jou sa a, san mank, m ap detwi tout nasyon ki vin atake Jerizalèm+. 10  “M ap vide lespri m sou fanmi David ak moun ki abite Jerizalèm yo, y ap jwenn favè m e y ap sipliye m. Y ap gade sila a yo te pèse a+, e y ap kriye byen fò pou li tankou se te yon sèl pitit gason yo genyen. Yo pral nan gwo lapenn pou li tankou yo ta nan gwo lapenn pou premye pitit gason yo. 11  Jou sa a, ap gen anpil rèl nan Jerizalèm, tankou rèl ki te fèt nan Adadrimon, nan Plèn Megido a+. 12  Moun nan peyi a ap rele, chak fanmi ap rele sou bò pa yo. Yon bò, gwoup moun nan fanmi David yo ap rele, e yon lòt bò, medam yo genyen yo ap rele. Yon bò, gwoup moun nan fanmi Natan yo+ ap rele, e yon lòt bò, medam yo genyen yo ap rele. 13  Yon bò, gwoup moun nan fanmi Levi yo+ ap rele, e yon lòt bò, medam yo genyen yo ap rele. Yon bò, gwoup moun nan fanmi Chimeyi yo+ ap rele, e yon lòt bò, medam yo genyen yo ap rele. 14  Chak fanmi nan tout fanmi ki rete yo ap rele sou bò pa yo, e medam yo genyen yo ap rele sou bò pa yo tou.

Nòt anba paj

Oswa: “met souf”.
Oswa: “yon bòl”.
Oswa: “kote ki pou yo a”.
Oswa: “moun ki pi fèb”.