Zakari 13​:​1-9

  • Y ap retire zidòl yo ak fo pwofèt yo (1-6)

    • Fo pwofèt yo ap wont (4-6)

  • Y ap frape bèje a (7-9)

    • Y ap pirifye yon tyè (9)

13  “Jou sa a, y ap fouye yon pi pou fanmi David ak moun ki abite Jerizalèm yo pou yo lave peche yo ak salte yo+.”  Men sa Jewova, Chèf lame yo, di: “Jou sa a, m ap efase non zidòl yo nan peyi a+, e yo pap sonje yo ankò. M ap retire pwofèt yo+ nan peyi a ansanm ak fòs k ap pouse moun fè yon seri bagay ki sal.  Epi, si yon moun ta kontinye anonse pwofesi ki pa bon, papa l ak manman l ki te fè l ap di l: ‘Ou pap viv, paske ou bay manti nan non Jewova.’ Papa l ak manman l ki te fè l ap frennen l, y ap touye l pou pwofesi li anonse a+.  “Jou sa a, chak pwofèt pral wont vizyon y ap rakonte lè y ap pwofetize. Yo pap met rad* ki fèt ak plim bèt sou yo+ pou yo ka twonpe moun.  Yo chak pral di: ‘Mwen pa pwofèt. Mwen se yon moun ki konn travay tè, paske yon moun te achte m kòm esklav lè m te jèn.’  E si yon moun ta mande youn ladan yo: ‘Ki jan w fè gen blese sa yo sou kò w*?’ L ap reponn: ‘Se kay zanmi m yo* mwen pran blese sa yo.’”   Men sa Jewova, Chèf lame yo, di:“O epe, reveye w pou w atake bèje m nan+, pou w atake moun ki zanmi m nan.Frape bèje a+, e tout mouton yo ap gaye+,Epi, m ap leve men m kont moun ki pa gen anpil enpòtans yo.”   Apre sa, Jewova di: “Nan tout peyi a,Sou chak twa moun, y ap touye de moun e y ap disparèt yo*,Men, y ap kite yon tyè.   M ap pase tyè sa a nan dife,M ap pirifye yo menm jan yo retire salte nan ajan,M ap teste yo menm jan yo teste lò+.Y ap rele non m,E m ap reponn yo.M ap di: ‘Yo se pèp mwen+.’E yo menm y ap di: ‘Jewova se Bondye nou.’”

Nòt anba paj

Oswa: “met rad pwofèt”.
Lit.: “ant men w”. Sa vle di sou lestomak ou oswa sou do w.
Oswa: “Se kay moun ki renmen m yo”.
Oswa: “y ap mouri”.