Zakari 5​:​1-11

  • Sizyèm vizyon: Yon woulo k ap vole (1-4)

  • Setyèm vizyon: Yon veso pou mezire manje (5-11)

    • Yon fi nan veso a ki reprezante bagay ki mal (8)

    • Y al ak veso a nan peyi Chineya (9-11)

5  Mwen te leve je m pou m gade ankò e mwen te wè yon woulo k ap vole.  Zanj lan mande m: “Ki sa w wè?” Mwen reponn: “Mwen wè yon woulo k ap vole, li gen 20 koude* longè ak 10 koude* lajè.”  Epi, li di m: “Sa a se malediksyon k ap pase sou tout tè a, paske tout moun ki vòlè+, yo pa pini yo, jan sa ekri nan yon bò woulo a, e tout moun ki fè fo sèman+, yo pa pini yo, jan sa ekri nan lòt bò woulo a.  Men sa Jewova, Chèf lame yo, di: ‘Mwen voye malediksyon an, e l ap antre nan kay moun ki vòlè a ak nan kay moun ki fè fo sèman nan non m nan. Epi, l ap ret nan kay sa yo, l ap boule yo, e l ap boule bwa ak wòch ki ladan yo.’”  Apre sa, zanj ki t ap pale avè m nan avanse, epi li di m: “Tanpri, leve je w gade sa k ap soti a.”  Epi, mwen mande l: “Ki sa sa a ye?” Li reponn mwen: “Se yon veso pou mezire manje* k ap soti.” Mete sou sa, li di m: “Se ak sa moun k ap fè bagay mal sou tout tè a sanble.”  Epi, mwen wè yon kouvèti won ki fèt ak plon ki leve, e te gen yon fi ki chita nan veso pou mezire a.  Konsa, li te di: “Fi sa a reprezante bagay ki mal.” Epi, li pouse fi a antre nan veso pou mezire a, apre sa, li peze kouvèti ki fèt ak plon an sou bouch veso a.  Epi, mwen leve je m, mwen wè de fi k ap pwoche. Yo t ap plane nan van an. Yo te gen zèl tankou zèl sigòy. Yo leve veso a ant tè a ak syèl la. 10  Se sa k fè mwen mande zanj ki t ap pale avè m nan: “Ki bò yo pral ak veso pou mezire manje a?” 11  Li reponn mwen: “Nan peyi Chineya*+ pou yo bati yon kay pou fi a. Epi, lè kay la pare, y ap depoze l ladan l, kote l dwe ye a.”

Nòt anba paj

Yon koude egal 44,5 sm (17,5 pous). Gade Apendis B14.
Yon koude egal 44,5 sm (17,5 pous). Gade Apendis B14.
Lit.: “efa”. La a, efa se yon veso oswa yon pànye yo te konn itilize pou yo mezire manje, pou yo wè si kantite a egal yon efa. Yon efa egal 22 lit. Gade Apendis B14.
Anpalan de Babilòn.