Zakari 6​:​1-15

  • Uityèm vizyon: Kat charyo (1-8)

  • Boujon ap vin wa ak prèt (9-15)

6  Apre sa, mwen leve je m ankò, epi mwen wè kat charyo k ap vini sot nan mitan de mòn ki fèt an kuiv.  Premye charyo a te gen cheval wouj k ap rale l, e dezyèm charyo a te gen cheval nwa k ap rale l+.  Twazyèm charyo a te gen cheval blan k ap rale l, e katriyèm charyo a te gen cheval pentle ak cheval takte k ap rale l+.  Mwen mande zanj ki t ap pale avè m nan: “Mèt mwen, ki sa charyo sa yo reprezante?”  Zanj lan reponn mwen: “Charyo sa yo reprezante kat espri*+ ki nan syèl la k ap soti apre yo fin antre vin devan Seyè ki Mèt tout tè a+.  Charyo ki te gen cheval nwa k ap rale l yo al nan peyi ki nan nò a+, sa ki te gen cheval blan k ap rale l yo al nan lwès*, e sa ki te gen cheval takte k ap rale l yo al nan peyi ki nan sid la.  Cheval pentle yo te chofe pou y al mache toupatou sou tè a.” Epi, zanj lan di yo: “Al mache toupatou sou tè a.” E yo pran mache toupatou sou tè a.  Ansuit, li rele m, li di m: “Gade, cheval sa yo ou te wè ki t al nan peyi ki nan nò a fè lespri Jewova repoze nan peyi sa a.”  Men pawòl Jewova te di m ankò: 10  “Pran sa moun ki ann egzil yo te bay Èldayi, Tobija ak Jedaya pote yo. Epi, jou sa a, ou dwe al lakay Jozyas, pitit gason Sofoni an, ansanm ak mesye ki sot Babilòn yo. 11  Ou dwe pran ajan ak lò pou w fè yon kouwòn* met nan tèt Jozye+, pitit gason Jewozadak, gran prèt la. 12  Epi, di l konsa: “‘Men sa Jewova, Chèf lame yo, di: “Men moun ki rele Boujon an+. L ap boujonnen nan plas li e l ap bati tanp Jewova a+. 13  Se li k ap bati tanp Jewova a, epi se li ki pral dirije. Li dwe chita pou l dirije sou twòn li antanke wa. Li dwe vin yon prèt tou+, e l ap jwe toude wòl sa yo* yon fason pou l fè gen lapè nan mitan pèp yo. 14  Epi, kouwòn nan* pral ret nan tanp Jewova a pou l ka sonje sa Elèm*, Tobija, Jedaya+ ak Èn*, pitit gason Sofoni an, te fè yo. 15  Moun ki lwen yo ap vini e y ap patisipe nan bati tanp Jewova a.” Epi n ap oblije konnen se Jewova, Chèf lame yo, ki voye m kote nou. E sa ap fèt si nou koute vwa Jewova, Bondye nou an.’”

Nòt anba paj

Sanble se kat gwoup lame zanj.
Oswa: “al lòtbò lanmè a”.
Oswa: “yon gwo kouwòn ki bèl anpil”.
Anpalan de wòl li jwe antanke dirijan ak prèt.
Oswa: “gwo kouwòn ki bèl anpil la”.
Sanble se Èldayi ki nan vèsè 10 la.
Sanble se Jozyas ki nan vèsè 10 la.