Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | JÒB 21-27

Jòb te reziste kont move rezònman

Jòb te reziste kont move rezònman

Satan sèvi ak manti pou l dekouraje sèvitè Jewova yo jodi a. Jan sa parèt nan liv Jòb la, gade diferans ki genyen ant manti Satan yo ak bon kalite Jewova genyen yo. Fè yon lis lòt vèsè nan Bib la ki pwouve w Jewova gen sousi pou ou.

KÈK MANTI SATAN BAY

FASON JEWOVA PANSE TOUTBONVRE

Bondye tèlman egzijan pa gen anyen sèvitè l yo fè ki bon vre nan je l. Pa gen anyen nan sa l kreye yo ki ka fè l plezi (Jòb 4:18; 25:5)

Jewova apresye bonjan efò nou fè ak imilite (Jòb 36:5)

Lèzòm pa itil Bondye anyen (Jòb 22:2)

Jewova aksepte sèvis fidèl n ap ba li a e li beni l (Jòb 33:26; 36:11)

Sa pa gen enpòtans pou Bondye lefètke w jis (Jòb 22:3)

Jewova veye sou moun ki dwat yo (Jòb 36:7)