Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | JÒB 28-32

Jòb kite yon bèl egzanp nan domèn entegrite

Jòb kite yon bèl egzanp nan domèn entegrite

Jòb te pran detèminasyon pou l suiv prensip moral wo nivo Jewova yo

31:1

  • Li te gen kontwòl sou je l e se madanm li sèlman li te bay yon atansyon womantik

Jòb kite yon bèl egzanp nan fason l te boule ak lòt moun

31:13-15

  • Li te gen imilite, li te jis e li te gen mizèrikòd. Li te gen konsiderasyon pou tout moun, kèlkeswa nivo sosyal yo oubyen nivo ekonomik yo

Jòb te renmen bay, li pa t egoyis

31:16-19

  • Li te konn ede moun e li te konn bay moun ki nan nesesite