Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

BYEN PREPARE W POU TRAVAY PREDIKASYON AN

Kanpay pou n envite moun yo nan kongrè

Kanpay pou n envite moun yo nan kongrè

Chak ane, se avèk enpasyans n ap tann bèl festen espirityèl nou pral jwenn nan kongrè rejyonal nou yo. Pou lòt moun ka goute bonte Jewova gen lakay li, nou pral envite plis moun posib vin asiste kongrè a avèk nou (Sm 34:8). Chak gwoup ansyen ap detèmine ki pi bon fason pou yo distribye fich envitasyon yo nan tèritwa kongregasyon pa yo.

KÈK ENFÒMASYON POU NOU SONJE

  • Ki dat kongrè pa m nan?

  • Ki lè kanpay la ap kòmanse nan kongregasyon pa m?

  • Ki lè y ap fè reyinyon predikasyon nan kongregasyon pa m?

  • Ki objektif mwen genyen pou kanpay la?

  • Ki moun mwen prevwa envite?

KI SA N AP DI?

Apre nou fin salye moun nan, jan nou konn fè sa, nou ka di:

“N ap patisipe nan yon kanpay k ap fèt toupatou sou tè a pou n envite moun yo nan yon kongrè nou pral genyen, se yon evènman ki enpòtan anpil. Ni dat la, ni lè a, ni adrès la nan fich envitasyon an. N ap byen kontan si w vin asiste l avèk nou.”

KI FASON NOU KA EDE MOUN KI MONTRE YO ENTERESE YO?

Se vre, nou vle envite plis moun posib nan kongrè a, men nou dwe fè efò pou n ede tout moun ki montre yo enterese.

Pandan wikenn yo, nou ka ofri peryodik la ansanm ak fich envitasyon an.