Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | JÒB 33-37

Yon bon zanmi bay konsèy ki fòtifye lòt moun

Yon bon zanmi bay konsèy ki fòtifye lòt moun

Lè Eliyou te antre nan konvèsasyon an, konsèy li te bay yo te diferan nèt ak konsèy Elifaz, Bildad ak Sofa te bay yo. Ni sa l te di nan konsèy li yo, ni fason l te trete Jòb te diferan ak lòt mesye yo. Li te montre l se yon vrè zanmi e li se yon bon konseye, li merite pou nou imite l.

KÈK KALITE YON BON KONSEYE GENYEN

ELIYOU KITE YON BÈL EGANP

32:4-7, 11, 12; 33:1

 

  • LI GEN PASYANS

  • LI KOUTE MOUN AVÈK ATANSYON

  • LI RESPEKTE MOUN

 
  • Avèk pasyans, Eliyou te tann lòt mesye yo ki te pi gran pase l fin pale anvan l te pran lapawòl

  • Piske l te koute lòt moun avèk atansyon, li te pi byen konprann pwoblèm yo anvan l te bay konsèy

  • Li te site non Jòb lè l t ap pale e li te pale avè l tankou yon zanmi

 

33:6, 7, 32

 

  • LI GEN IMILITE

  • LI FASIL POU MOUN ABÒDE L

  • LI METE L NAN PLAS LÒT MOUN

 
  • Eliyou te gen imilite e l te gen bonte, li te admèt li menm tou li enpafè

  • Li te mete l nan plas Jòb ki t ap soufri

 

33:24, 25; 35:2, 5

 

  • LI GEN EKILIB

  • LI GEN BONTE

  • LI KITE BONDYE DIRIJE L

 
  • Avèk bonte, Eliyou te montre Jòb fason l panse a te manke ekilib

  • Eliyou te ede Jòb wè se pa jistis pa l la ki pi enpòtan

  • Bon konsèy Eliyou te bay Jòb yo te prepare Jòb pou l resevwa lòt enstriksyon Jewova t apral ba li