Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LAVI NOU ANTANKE KRETYEN

Rapèl pou kongrè

Rapèl pou kongrè

Menm jan ak nan lòt okazyon, nou vle se lanmou nou gen pou Jewova ak lanmou nou gen pou pwochen nou ki gide nou nan peryòd kongrè a (Mt 22:37-39). Nan 1 Korentyen 13:4-8, yo dekri fason lanmou aji. Men sa vèsè sa yo di: “Lanmou gen pasyans ak byenveyans [...], li pa aji yon fason ki endesan, li pa chèche pwòp enterè l, li pa fè kòlè fasil. [...] Lanmou pa janm fayi.” Pandan n ap gade videyo sou Rapèl pou kongrè a (fransè), reflechi sou kèk fason nou ka demontre lanmou pou lòt moun nan kongrè a.

KI FASON NOU KA DEMONTRE LANMOU...

  • lè n ap rezève plas?

  • lè pwogram mizik la pral kòmanse?

  • kote nou rete nan vil y ap fè kongrè a?

  • lè nou sèvi kòm volontè pou n bay èd nou?