Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | ESTÈ 1-5

Estè te pran pozisyon pou pèp Bondye a

Estè te pran pozisyon pou pèp Bondye a

Estè te montre li gen bonjan lafwa ak kouraj lè li t ap defann pèp Bondye a

  • Li te ka mouri piske l te vin kot wa a san wa a pa t voye rele l. Depi 30 jou wa a pa t envite Estè vin kote l

  • Wa Asyeris, yo panse ki te wa Zèksès 1ye, te gen yon tanperaman vyolan. Yon lè, li te bay lòd pou yo koupe yon mesye fè de bout, pou sa te sèvi kòm avètisman pou lòt moun. Mete sou sa, li te fè Vachti pa rèn ankò paske li te dezobeyi l

  • Estè te oblije fè wa a konnen li se yon Juif e li te konvenk wa a lè l te fè l konnen konseye wa a te fè konfyans lan te twonpe wa a