Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

12-18 fevriye

SÒM 5-7

12-18 fevriye

Kantik 118 ak priyè | Pawòl entwodiksyon (1 min.)

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A

1. Ann rete fidèl kèlkeswa sa lòt moun fè

(10 min.)

Pafwa, David te pèdi jwa l akoz sa lòt moun te fè (Sm 6:​6, 7)

Li te chèche èd nan men Jewova (Sm 6:​2, 9; w21.03 15 § 7-8)

Gwo konfyans David te gen nan Jewova te ede l rete fidèl (Sm 6:10)

MANDE TÈT OU: ‘Èske m fè efò pou m gen kalite lafwa k ap ede m rete fidèl kèlkeswa sa lòt moun fè?’ — w20.07 8-9 § 3-4.

2. Trezò espirityèl

(10 min.)

  • Sm 5:9 — Nan ki sans gòj mechan yo tankou yon tonm ki tou ouvri? (it-1 776)

  • Ki trezò espirityèl ou te jwenn nan lekti Labib pou semèn sa a?

3. Lekti Labib

BYEN PREPARE W POU TRAVAY PREDIKASYON AN

4. Fason pou w kòmanse konvèsasyon

(3 min.) KAY AN KAY. (lmd leson 1 pwen 3)

5. Fason pou w kòmanse konvèsasyon

(2 min.) TEMWAYAJ ENFÒMÈL. Chèche yon fason ki natirèl pou w fè moun nan wè ou se yon Temwen Jewova san w pa pale de Bib la. (lmd leson 2 pwen 4)

6. Pousuiv enterè moun yo

(2 min.) KAY AN KAY. Mèt kay la vle fè diskisyon avè w. (lmd leson 4 pwen 5)

7. Esplike kwayans ou

(4 min.) Demonstrasyon. ijwfq 64 — Tèm: Poukisa Temwen Jewova yo chwazi pou yo pa patisipe nan aktivite nasyonalis yo? (lmd leson 3 pwen 4)

LAVI NOU ANTANKE KRETYEN

Kantik 99

8. Rapò ane sèvis la:

(15 min.) Konvèsasyon. Lè yo fin li anons filyal la te voye konsènan rapò ane sèvis la, envite moun nan oditwa a pou yo pale sou kèk aspè pozitif ki nan Rapò mondyal Temwen Jewova yo pou ane sèvis 2023 a. Fè entèvyou ak kèk pwoklamatè yo te deja chwazi ki te fè eksperyans ki bay ankourajman nan travay predikasyon an pandan ane ki sot pase a.

9. Etid biblik kongregasyon an:

Pawòl konklizyon (3 min.) | Kantik 83 ak priyè