Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

15-21 janvye

JÒB 36-37

15-21 janvye

Kantik 147 ak priyè | Pawòl entwodiksyon (1 min.)

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A

1. Rezon ki fè nou ka kwè nan pwomès Bondye fè pou l ban nou lavi pou toutan an

(10 min.)

Jewova ap viv pou toutan (Jòb 36:26; w15 1/10 13 § 1-2)

Jewova gen sajès ak pouvwa pou l fè lavi kontinye (Jòb 36:​27, 28; w20.05 22 § 6)

Jewova anseye n sa pou n fè pou n gen lavi pou toutan (Jòb 36:​4, 22; Jn 17:3)


Lafwa solid nou gen nan pwomès Bondye fè pou l ban nou lavi pou toutan an ede nou andire pwoblèm. — Eb 6:19; w22.10 28 § 16.

2. Trezò espirityèl

(10 min.)

  • Jòb 37:20 — Ki jan yo te konn bay nouvèl ak enfòmasyon nan peyi Bib la pale de yo? (it-1 503)

  • Ki trezò espirityèl ou te jwenn nan lekti Labib pou semèn sa a?

3. Lekti Labib

BYEN PREPARE W POU TRAVAY PREDIKASYON AN

4. Fason pou w kòmanse konvèsasyon

(3 min.) TEMWAYAJ PIBLIK. (lmd leson 3 pwen 3)

5. Pousuiv enterè moun yo

(4 min.) KAY AN KAY. (lmd leson 2 pwen 5)

6. Esplike kwayans ou

(5 min.) Diskou. ijwfq 57 § 5-15 — Tèm: Poukisa yo te pèsekite Temwen Jewova yo nan moman Olokos la? (th leson 18)

LAVI NOU ANTANKE KRETYEN

Kantik 49

7. Prepare w pou sitiyasyon ki mande pou w al lopital oswa pou w fè operasyon

(15 min.) Konvèsasyon. Se yon ansyen ki pou fè l.

Òganizasyon Jewova a ban nou zouti ki ede n obeyi lwa Bondye bay anrapò ak san (Tra. 15:​28, 29). Èske w byen itilize yo?

Kat Instructions medicales (DPA) ak Carte d’identité (ic): Kat sa yo montre volonte yon pasyan anrapò ak itilizasyon san nan kesyon medikal. Pwoklamatè ki batize yo ka jwenn yon kat DPA nan men sèvitè piblikasyon an pou yo menm ak yon Carte d’identité (ic) pou pitit yo ki minè. Nou dwe toujou gen kat sa yo sou nou. Si w bezwen ranpli youn oswa mete l ajou, fè sa san pèdi tan.

Enfòmasyon pou fi ki ansent (S-401) ak Enfòmasyon pou moun malad ki oblije sibi operasyon oubyen chimyoterapi (S-407): Dokiman sa yo ede nou pi byen prepare pou n pran swen medikal, sa ki gen ladan l itilizasyon san. Mande ansyen yo pou yo ba w dokiman w bezwen an si w ansent, si w pral fè operasyon oswa w pral suiv tretman pou kansè.

Komite lyezon ospitalye (KLO): Frè k ap sèvi nan KLO yo se ansyen ki kalifye pou bay doktè yo ak pwoklamatè yo enfòmasyon yo bezwen anrapò ak san. Yo ka pale sou fason pou yo sèvi ak kèk tretman medikal pou evite transfizyon san avèk pwofesyonèl lasante w yo. Si sa nesesè, yo ka ede w jwenn yon doktè k ap kowopere. Yo disponib 24/24, 7/7. Kontakte KLO kou sa posib nan kèlkeswa sitiyasyon ki mande pou w entène lopital, pou w fè yon operasyon oswa pou w suiv terapi tankou yon tretman pou kansè, menmsi sitiyasyon an ta sanble pa mande pou w pran san. Sa valab tou pou fi ki ansent. Si w bezwen èd, mande yon ansyen pou l ba w kontak KLO.

Pase VIDEYO Komite lyezon ospitalye — Ki jan yo ede nou? Epi poze moun ki nan oditwa a kesyon sa a:

Ki jan KLO ka ede w si w nan sitiyasyon ki mande pou w pran swen medikal oswa pou w fè yon operasyon?

8. Etid biblik kongregasyon an

Pawòl konklizyon (3 min.) | Kantik 67 ak priyè