Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

19-25 fevriye

SÒM 8-10

19-25 fevriye

Kantik 2 ak priyè | Pawòl entwodiksyon (1 min.)

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A

1. “O Jewova, m ap fè louwanj pou ou!”

(10 min.)

Se pa ti bon Jewova bon pou nou (Sm 8:​3-6; w21.08 3 § 6)

Nou kontan fè louwanj pou Jewova lè nou fè lòt moun konnen bagay estrawòdinè li fè yo (Sm 9:1; w20.05 23 § 10)

Nou fè louwanj pou Jewova tou lè nou chante ak tout kè nou pou li (Sm 9:2; w22.04 7 § 13)

MANDE TÈT OU: ‘Ki lòt fason m ka fè louwanj pou Jewova?’

2. Trezò espirityèl

(10 min.)

  • Sm 8:3 — Ki sa youn nan moun ki te ekri Sòm yo te vle di lè l t ap pale de dwèt Bondye? (it-1 663)

  • Ki trezò espirityèl ou te jwenn nan lekti Labib pou semèn sa a?

3. Lekti Labib

BYEN PREPARE W POU TRAVAY PREDIKASYON AN

4. Fason pou w kòmanse konvèsasyon

(3 min.) KAY AN KAY. Moun ou rankontre a di w li pa kwè nan Bondye. (lmd leson 5 pwen 4)

5. Pousuiv enterè moun yo

(4 min.) TEMWAYAJ ENFÒMÈL. Nan konvèsasyon anvan an, moun nan te di w li pa kwè nan Bondye, men li pa gen pwoblèm pou w montre l prèv ki fè konnen Bondye egziste. (th leson 7)

6. Diskou

(5 min.) w21.06 6-7 § 15-18 — Tèm: Ede etidyan w yo fè louwanj pou Jewova. (th leson 10)

LAVI NOU ANTANKE KRETYEN

Kantik 10

7. Ki jan w ka bay temwayaj enfòmèl yon fason ki natirèl?

(10 min.) Konvèsasyon.

Yon fason nou ka fè plis louwanj pou Jewova, se lè nou bay moun nou rankontre chak jou temwayaj (Sm 35:28). Okòmansman, nou ka pè bay temwayaj enfòmèl. Men, lè nou aprann fason pou n kòmanse epi kontinye konvèsasyon yon fason ki natirèl, nou ka vin maton e nou ka menm pran plezi nan sa!

Pase VIDEYO Se pou w pare pou w pataje “bon nouvèl lapè a” — Se pou w pran inisyativ. Apre sa, poze moun ki nan oditwa a kesyon sa a:

Ki sa w te aprann nan videyo sa a k ap ede w vin pi maton nan bay temwayaj enfòmèl?

Men kèk ide ki ka ede w kòmanse konvèsasyon:

  •   Veye okazyon pou w kòmanse konvèsasyon chak fwa w kite kay ou. Priye sou sa, epi mande Jewova pou l fè w jwenn moun ki nan bon dispozisyon

  •   Se pou w amikal e se pou w enterese nan moun ou rankontre yo. Eseye aprann yon bagay sou moun nan k ap ede w wè ki verite nan Bib la ki ta ka enterese moun nan

  •   Si sa posib, chèche okazyon pou pataje nimewo telefòn nou

  •   Pa santi w mal si konvèsasyon an fini anvan w bay yon temwayaj

  •   Kontinye panse ak moun nan lè w fin pale avè l. Kontinye montre w enterese ak moun nan lè w voye yon lyen k ap pèmèt li li yon vèsè oswa yon atik sou jw.org

Eseye sa: Si yon moun mande w ‘ki jan wikenn ou te ye?’, rakonte moun nan yon bagay ou te aprann nan reyinyon yo oswa sou travay w ap fè antanke anseyan Labib la.

8. Bezwen kongregasyon an

(5 min.)

9. Etid biblik kongregasyon an

Pawòl konklizyon (3 min.) | Kantik 65 ak priyè