Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

22-28 janvye

JÒB 38-39

22-28 janvye

Kantik 11 ak priyè | Pawòl entwodiksyon (1 min.)

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A

1. Èske w pran tan pou w admire kreyasyon an?

(10 min.)

Lè Jewova te fin kreye tè a, li te pran tan pou l reflechi sou travay li te fè a (Jen 1:​10, 12; Jòb 38:​5, 6; w21.08 9 § 7)

Zanj yo te pran tan pou yo admire kreyasyon Jewova a (Jòb 38:7; w20.08 14 § 2)

Nou ka ranfòse konfyans nou nan Jewova lè nou pran tan pou nou admire epi apresye kreyasyon an (Jòb 38:​32-35; w23.03 17 § 8)

2. Trezò espirityèl

(10 min.)

  • Jòb 38:​8-10 — Ki sa vèsè sa yo aprann nou sou Jewova, Sila a ki ban nou lwa pou nou suiv la? (it-2 122)

  • Ki trezò espirityèl ou te jwenn nan lekti Labib pou semèn sa a?

3. Lekti Labib

BYEN PREPARE W POU TRAVAY PREDIKASYON AN

4. Fason pou w kòmanse konvèsasyon

(2 min.) TEMWAYAJ ENFÒMÈL. Avèk jantiyès, mete fen nan konvèsasyon an si w wè moun nan pa dispoze pale. (lmd leson 2 pwen 3)

5. Pousuiv enterè moun yo

(5 min.) KAY AN KAY. Nan konvèsasyon anvan an, moun nan te di li fèk gen yon moun pa l ki mouri. (lmd leson 9 pwen 3)

6. Diskou

(5 min.) lmd apendis A pwen 1 — Tèm: Evènman k ap pase jodi a ak fason moun yo ap aji montre bagay yo pral chanje. (th leson 16)

LAVI NOU ANTANKE KRETYEN

Kantik 111

7. Lè nou admire kreyasyon an, sa ede nou rekonèt bagay ki pi enpòtan yo

(15 min.) Konvèsasyon.

Lè twa zanmi Jòb yo ak Satan t ap atake Jòb, Jòb te kite pwoblèm li yo ak move pawòl yo t ap di l yo pote l ale.

Li Jòb 37:14. Apre sa, poze moun ki nan oditwa a kesyon sa a:

Ki sa Jòb te bezwen fè pou l te ka gen yon pwennvi ekilibre nan domèn espirityèl ankò?

Lè nou santi pwoblèm nou yo twòp pou nou, pran yon ti tan pou nou admire kreyasyon an, sa ka fè nou sonje jan Jewova gran, sa ka ranfòse anvi nou genyen pou nou rete fidèl avè l, epi sa ap fè n gen plis konfyans nan kapasite li genyen pou l pran swen nou. — Mt 6:26.

Pase VIDEYO Kèk leson nou ka aprann sou fidelite nan liv Jòb la — Sa bèt yo ki nan kreyasyon an aprann nou. Apre sa, poze moun ki nan oditwa a kesyon sa a:

Ki jan videyo sa a ranfòse konfyans ou nan Jewova?

8. Etid biblik kongregasyon an

Pawòl konklizyon (3 min.) | Kantik 54 ak priyè