Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

26 fevriye–3 mas

SÒM 11-15

26 fevriye–3 mas

Kantik 139 ak priyè | Pawòl entwodiksyon (1 min.)

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A

1. Imajine tèt ou nan monn nouvo Bondye a kote lapè pral blayi

(10 min.)

Dezòd sosyal lakòz vyolans nou wè jodi a (Sm 11:​2, 3; w06 1/6 8 § 3)

Nou ka gen konfyans talè konsa Jewova pral mete fen nan tout vyolans (Sm 11:5; wp16.4 11)

Lè nou reflechi sou pwomès Jewova fè pou l sove nou, sa ka ede nou ret tann li avèk pasyans (Sm 13:​5, 6; w17.08 6 § 15)

ESEYE SA: Li Ezekyèl 34:​25, epi pran yon ti tan pou w imajine tèt ou k ap viv nan lapè jan vèsè a montre sa a. — kr 236 § 16.

2. Trezò espirityèl

(10 min.)

  • Sm 14:1 — Ki jan mantalite yo dekri nan vèsè sa a ta ka gen efè sou yon kretyen? (w13 15/9 19 § 12)

  • Ki trezò espirityèl ou te jwenn nan lekti Labib pou semèn sa a?

3. Lekti Labib

BYEN PREPARE W POU TRAVAY PREDIKASYON AN

4. Fason pou w kòmanse konvèsasyon

(2 min.) TEMWAYAJ ENFÒMÈL. Envite moun nan nan Memoryal. (lmd leson 5 pwen 3)

5. Fason pou w kòmanse konvèsasyon

(1 min.) KAY AN KAY. Envite moun nan nan Memoryal. (lmd leson 3 pwen 4)

6. Fason pou w kòmanse konvèsasyon

(3 min.) KAY AN KAY. Yon moun montre l enterese nan envitasyon Memoryal la. (lmd leson 7 pwen 4)

7. Fason pou w fè disip

(5 min.) lff leson 13 Sa w te aprann, Revizyon ak Objektif. Sèvi ak yon atik nan seksyon “Aprann plis” la pou w ede etidyan w lan konprann ki jan Bondye santi l anrapò ak fo relijyon. (th leson 12)

LAVI NOU ANTANKE KRETYEN

Kantik 8

8. “Sajès pi bon pase zam moun fè lagè”

(10 min.) Konvèsasyon.

Zak vyolans ap ogmante toupatou sou tè a. Jewova konnen lè nou wè vyolans e nou viktim vyolans, sa ka fè nou gen plis enkyetid. Li konprann nou bezwen jwenn pwoteksyon tou. Youn nan fason li pwoteje nou se pa mwayen Labib, Pawòl li a. — Sm 12:​5-7.

Sajès ki nan Bib la “pi bon pase zam moun fè lagè”. (Ekl 9:18.) Gad ki jan prensip biblik ki annapre yo ka ede nou pwoteje tèt nou pou n pa viktim vyolans.

  • Ekl 4:​9, 10 — Evite rete poukont ou nan zòn ak sitiyasyon ki ka mete w an danje

  • Pw 22:3 — Rete veyatif lè w nan lari

  • Pw 26:17 — Pa rantre nan diskisyon ki pa pou ou

  • Pw 17:14 — Si ta sanble pral gen vyolans nan yon zòn, kite zòn nan. Epi, rete lwen foul moun k ap rasanble pou fè manifestasyon

  • Lk 12:15 — Pa janm riske lavi w pou w pwoteje sa w posede

Pase VIDEYO Imite moun ki gen lafwa, pa imite moun ki pa gen lafwa — Imite Enòk, pa imite Lamèk. Apre sa, poze moun ki nan oditwa a kesyon sa a:

Ki efè egzanp Enòk te gen sou desizyon ak konduit papa a lè te gen vyolans? — Eb 11:5

Nan kèk sitiyasyon, yon kretyen ka santi l nesesè pou l pran kèk dispozisyon ki rezonab pou l defann tèt li oswa sa l posede. Si l oblije fè sa, li ta dwe fè tout sa l kapab pou l pa touye moun e pou l pa koupab pou san moun. — Sm 51:14; Gade “Kesyon lektè yo poze” nan Toudegad jiyè 2017 la.

9. Kanpay envitasyon Memoryal la ap kòmanse samdi 2 mas:

(5 min.) Se yon ansyen ki pou fè l. Di ki dispozisyon nou pran pou kanpay la, diskou espesyal la ak Memoryal la. Fè pwoklamatè yo sonje moun k ap sèvi kòm pyonye oksilyè pou mwa mas ak avril ka chwazi bay 15 èdtan.

10. Etid biblik kongregasyon an

(30 min.) bt chap. 6 § 9-17

Pawòl konklizyon (3 min.) | Kantik 40 ak priyè