Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

8-14 janvye

JÒB 34-35

8-14 janvye

Kantik 30 ak priyè | Pawòl entwodiksyon (1 min.)

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A

1. Lè malè rive bon moun

(10 min.)

Sonje se pa janm Jewova ki lakòz enjistis (Jòb 34:10; wp19.1 8 § 2)

Menmsi ta sanble mechan yo pa jwenn pinisyon pou move aksyon yo fè, yo pa ka kache pou Jewova (Jòb 34:​21-26; w17.04 10 § 5)

Pi bon fason pou w ede moun ki viktim enjistis yo, se ede yo konnen Jewova (Jòb 35:​9, 10; Mt 28:​19, 20; w21.05 7 § 19-20)

2. Trezò espirityèl

(10 min.)

  • Jòb 35:7 — Ki sa Eliyou te vle di lè l te mande Jòb: “Ki sa [Bondye] jwenn nan men w?” (w17.04 29 § 3)

  • Ki trezò espirityèl ou te jwenn nan lekti Labib pou semèn sa a?

3. Lekti Labib

BYEN PREPARE W POU TRAVAY PREDIKASYON AN

4. Fason pou w kòmanse konvèsasyon

(3 min.) KAY AN KAY. Ofri moun nan yon etid Labib. (lmd leson 10 pwen 3)

5. Fason pou w kòmanse konvèsasyon

(4 min.) TEMWAYAJ ENFÒMÈL. Montre yon moun ki gen timoun fason pou l jwenn enfòmasyon ki itil paran yo sou jw.org. (lmd leson 1 pwen 4)

6. Fason pou w fè disip

LAVI NOU ANTANKE KRETYEN

Kantik 58

7. Èske w chofe pou w “Preche pawòl la” yon fason ki enfòmèl?

(15 min.) Konvèsasyon.

Men sa Pòl te ankouraje Timote pou l fè: “Preche pawòl la, fè sa san pèdi tan.” (2Ti 4:2). Pafwa, yo konn sèvi ak vèb grèk lè yo tradui l yo mete “fè sa san pèdi tan” pou li a pou yo pale de sòlda oswa gad ki nan pòs yo ki toujou pare pou yo aji. Ekspresyon sa a byen dekri dezi nou genyen pou n toujou ap veye okazyon pou n bay yon temwayaj lè n ap fè yon konvèsasyon nòmal ak yon moun.

Lanmou nou pou Jewova ak rekonesans nou gen pou tout sa l fè pou nou pouse nou fè lòt moun konnen bèl kalite l yo.

Li Sòm 71:8. Epi poze moun ki nan oditwa a kesyon sa a:

Ki bon bagay ou ta renmen fè lòt moun konnen sou Jewova?

Epitou, lanmou nou gen pou lòt moun pouse nou bay temwayaj enfòmèl.

Pase VIDEYO Plizyè santèn moun jwenn laverite. Apre sa, poze moun ki nan oditwa a kesyon sa yo:

  •   Ki jan temwayaj enfòmèl te ede plizyè santèn moun jwenn laverite?

  •   Ki jan laverite te ede ansyen manm legliz sa yo?

  • Ki jan lanmou nou gen pou lòt moun pouse nou bay temwayaj enfòmèl?

  • Ki sa k fè w panse temwayaj enfòmèl se yon bon fason pou w ede lòt moun vin konnen Jewova?

8. Etid biblik kongregasyon an

Pawòl konklizyon (3 min.) | Kantik 138 ak priyè