Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

27 janvye–2 fevriye

SÒM 140-143

27 janvye–2 fevriye

Kantik 44 ak priyè | Pawòl entwodiksyon (1 min.)

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A

1. Aji ann amoni ak priyè w fè pou w mande èd

(10 min.)

Se pou w dispoze aksepte sijesyon oswa konsèy (Sm 141:5; w22.02 12 § 13-14)

Medite sou sa Jewova fè pou l delivre sèvitè l yo (Sm 143:5; w10 15/3 32 § 4)

Fè efò pou w wè bagay yo menm jan ak Jewova (Sm 143:10; w15 15/3 32 § 2)

Nonsèlman Sòm 140-143 gen priyè David te fè pou l mande Jewova èd, men tou, li gen pawòl ki montre li te aji ann amoni ak priyè l yo.

2. Trezò espirityèl

(10 min.)

  • Sm 140:3 — Poukisa David te konpare lang mechan yo ak lang sèpan? (it-2 1134)

  • Ki trezò espirityèl ou te jwenn nan lekti Labib pou semèn sa a?

3. Lekti Labib

BYEN PREPARE W POU TRAVAY PREDIKASYON AN

4. Fason pou w kòmanse konvèsasyon

(4 min.) TEMWAYAJ ENFÒMÈL. Kòmanse pale sou Bib la ak yon moun apre w fin ede l yon fason ki pratik. (lmd leson 3 pwen 5)

5. Pousuiv enterè moun yo

(3 min.) TEMWAYAJ PIBLIK. Moun nan di w li okipe. (lmd leson 7 pwen 3)

6. Esplike kwayans ou

(5 min.) Demonstrasyon. ijwfq atik 21 — Tèm: Poukisa Temwen Jewova yo pa aksepte pran san? (th leson 7)

LAVI NOU ANTANKE KRETYEN

Kantik 141

7. Prepare w pou sitiyasyon ki mande pou w al lopital oswa pou w fè operasyon

(15 min.) Konvèsasyon.

Jewova pwomèt nou ka “jwenn èd li byen fasil nan moman difisil yo”. (Sm 46:1.) Lè nou nan sitiyasyon ki mande pou n al kay doktè oswa pou n fè operasyon, sa ka strese nou. Sepandan, Jewova ban nou tout sa n bezwen pou n ka pare pou sitiyasyon sa yo. Pa egzanp, òganizasyon l lan ban nou kat Instructions médicales (DPA), Carte d’identité a a ak lòt dokiman ki bay enfòmasyon medikal b, ansanm ak Komite lyezon ospitalye yo (KLO). Dokiman sa yo ak Komite lyezon ospitalye a ede nou obeyi lwa Bondye bay ki gen rapò ak san. — Tr 15:​28, 29.

Pase VIDEYO Èske w pare pou sitiyasyon ki mande pou w al lopital? Apre sa, poze moun ki nan oditwa a kesyon sa yo:

  • Ki byenfè kèk moun te jwenn lefètke yo te ranpli kat DPA a?

  • Ki jan fòmilè Enfòmasyon pou fi ki ansent lan (S-401) te ede kèk moun?

  • Poukisa l pi bon pou n kontakte KLO san pèdi tan nan nenpòt sitiyasyon ki mande pou n entène lopital, fè yon operasyon, oswa yon terapi tankou suiv yon tretman pou kansè, menmsi ta sanble sitiyasyon an ka pa mande pou n pran san?

8. Etid biblik kongregasyon an

Pawòl konklizyon (3 min.) | Kantik 103 ak priyè

a Pwoklamatè ki batize yo ka jwenn yon kat DPA nan men sèvitè piblikasyon an pou yo menm ak yon Carte d’identité (ic) pou pitit yo ki minè.

b Ou kapab mande ansyen nan kongregasyon w fòmilè Enfòmasyon pou fi ki ansent (S-401), Enfòmasyon pou moun malad ki oblije sibi operasyon oubyen chimyoterapi (S-407), ak Fason paran yo ka pwoteje pitit yo pou yo pa ba yo san (S-55).