Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

3-9 fevriye

SÒM 144-146

3-9 fevriye

Kantik 145 ak priyè | Pawòl entwodiksyon (1 min.)

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A

1. “Byennere pèp ki gen Jewova kòm Bondye l la”!

(10 min.)

Jewova beni moun ki konte sou li (Sm 144:​11-15; w18.04 32 § 3-4)

Rejwi nan esperans lan (Sm 146:5; w22.10 28 § 16-17)

Moun ki gen Jewova kòm Bondye yo ap gen kè kontan pou toutan (Sm 146:10; w18.01 26 § 19-20)

Lè n sèvi Jewova fidèlman, nou ka gen kè kontan menmsi nou gen pwoblèm

2. Trezò espirityèl

(10 min.)

  • Sm 145:​15, 16 — Ki efè vèsè sa yo ta dwe genyen sou fason nou trete bèt yo? (it-1 125 § 1)

  • Ki trezò espirityèl ou te jwenn nan lekti Labib pou semèn sa a?

3. Lekti Labib

BYEN PREPARE W POU TRAVAY PREDIKASYON AN

4. Fason pou w kòmanse konvèsasyon

(4 min.) KAY AN KAY. Moun nan di w li nan inivèsite. (lmd leson 1 pwen 5)

5. Pousuiv enterè moun yo

(4 min.) TEMWAYAJ ENFÒMÈL. Prezante yon videyo ki nan bwat zouti pou anseye a, epi fè yon ti pale sou li. (lmd leson 7 pwen 4)

6. Diskou

(4 min.) lmd apendis A pwen 7 — Tèm: Yon madanm dwe gen yon gwo respè pou mari l. (th leson 1)

LAVI NOU ANTANKE KRETYEN

Kantik 59

7. Jewova vle w gen kè kontan

(10 min.) Konvèsasyon.

Jewova se Bondye ki gen kè kontan an (1Ti 1:11). Li ban nou anpil bèl kado ki montre nou jis nan ki pwen li renmen nou e l vle nou gen kè kontan (Ekl 3:​12, 13). Ann egzamine de nan kado sa yo: Manje ak son.

Pase VIDEYO Sa Jewova kreye yo montre li vle nou gen kè kontan — Bon manje ak bèl son. Apre sa, poze moun ki nan oditwa a kesyon sa a:

  • Ki jan manje ak son ki se kado Jewova bay fè w gen konviksyon li vle w gen kè kontan?

Li Sòm 32:8. Apre sa, poze moun ki nan oditwa a kesyon sa a:

  • Lefètke w konnen Jewova vle w gen kè kontan, ki jan sa motive w pou w suiv direksyon li ba w pa mwayen Bib la ak òganizasyon l lan?

8. Bezwen kongregasyon an

(5 min.)

9. Etid biblik kongregasyon an

(30 min.) bt chap. 22 § 1-6

Pawòl konklizyon (3 min.) | Kantik 85 ak priyè