Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

6-12 janvye

SÒM 127-134

6-12 janvye

Kantik 134 ak priyè | Pawòl entwodiksyon (1 min.)

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A

1. Paran, kontinye pran swen eritaj ou genyen an ki gen anpil valè

(10 min.)

Paran yo ka konte sou èd Jewova pou yo bay fanmi yo sa yo gen bezwen (Sm 127:​1, 2)

Pitit se kado ki gen anpil valè Jewova bay (Sm 127:3; w21.08 5 § 9)

Bay chak timoun fòmasyon selon bezwen l (Sm 127:4; w19.12 27 § 20)

Jewova kontan anpil lè paran yo konte sou li e yo fè tout sa yo kapab pou yo pran swen pitit yo

2. Trezò espirityèl

(10 min.)

  • Sm 128:3 — Poukisa moun ki te ekri sòm sa a te konpare pitit gason yo ak ti pye oliv yon pye oliv bay? (it-1 543)

  • Ki trezò espirityèl ou te jwenn nan lekti Labib pou semèn sa a?

3. Lekti Labib

BYEN PREPARE W POU TRAVAY PREDIKASYON AN

4. Fason pou w kòmanse konvèsasyon

(3 min.) TEMWAYAJ ENFÒMÈL. (lmd leson 1 pwen 3)

5. Fason pou w kòmanse konvèsasyon

(4 min.) TEMWAYAJ ENFÒMÈL. Moun nan montre li kwè nan yon ansèyman ki depaman ak sa Bib la anseye. (lmd leson 5 pwen 4)

6. Fason pou w fè disip

(5 min.) lff leson 16 pwen 4-5. Pale ak etidyan an sou aranjman ou fè pou etid la kontinye fèt pandan w pap la. (lmd leson 10 pwen 4)

LAVI NOU ANTANKE KRETYEN

Kantik 13

7. Paran, èske w bay pitit ou bon egzanp?

(15 min.) Konvèsasyon.

Òganizasyon Jewova a pwodui yon pakèt piblikasyon pou ede paran yo aprann pitit yo konnen Jewova. Epoutan, youn nan pi bon fason pou paran yo anseye pitit yo se grasa bon egzanp yo bay. — Dt 6:​5-9.

Jezi te sèvi ak bon fason sa a pou l anseye disip li yo.

Li Jan 13:​13-15. Apre sa, poze moun ki nan oditwa a kesyon sa a:

  • Sa k fè w panse se te yon bon metòd lefètke Jezi te sèvi ak egzanp pa l pou l anseye?

Antanke paran, aksyon w kapab bay pawòl ou di pitit ou pou w anseye yo plis fòs. Lè w bay pitit ou bon egzanp, y ap plis anvi koute epi obeyi sa w anseye yo.

Pase VIDEYO Anseye pitit nou grasa egzanp nou bay. Apre sa, poze moun ki nan oditwa a kesyon sa yo:

  • Ki leson enpòtan frè ak sè Garcia te anseye pitit fi yo genyen yo?

  • Ki jan videyo sa a ankouraje w pou w kontinye bay pitit ou bon egzanp?

8. Etid biblik kongregasyon an

Pawòl konklizyon (3 min.) | Kantik 73 ak priyè