Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LIVING AS CHRISTIANS

Ou ka kontribye pou fanmi w gen lajwa

Ou ka kontribye pou fanmi w gen lajwa

Jewova vle pou fanmi yo gen lajwa (Sm 127:3-5; Ekl 9:9; 11:9). Sepandan, nou ka pèdi jwa sa a akoz strès ki gen nan monn sa a ak erè moun nan fanmi an fè. Ki sa chak manm nan fanmi an ka fè pou yo kontribye nan lajwa fanmi an?

Yon mari onore madanm li (1 Pyè 3:7). Li pase tan avè l. Li reyalis nan sa l atann pou madanm li fè e li demontre apresyasyon pou sa madanm li fè pou li ak fanmi an (Kol 3:15). Li fè madanm li konnen li renmen l e li fè lwanj pou li. — Pw 31:28, 31.

Yon madanm chèche fason pou l soutni mari l (Pw 31:12). Li soumèt devan mari l e li kowopere avè l (Kol 3:18). Li pale avè l e li pale de li avèk jantiyès. — Pw 31:26.

Paran yo pase tan ak pitit yo (Dt 6:6, 7). Yo fè yo konnen yo renmen yo (Mt 3:17). Lè y ap disipline pitit yo, yo demontre lanmou ak disènman. — Ef 6:4.

Timoun yo onore paran yo epi yo obeyi yo (Pw 23:22). Yo fè paran yo konnen sa yo panse ak santiman yo. Yo aksepte disiplin paran yo ba yo e yo demontre respè pou yo. — Pw 19:20.

GADE VIDEYO KI GEN TIT TOUJOU CHÈCHE GEN KÈ KONTAN NAN FANMI NOU, EPI REPONN KESYON KI ANNAPRE A:

• Ki sa chak moun te fè pou gen kè kontan nan fanmi an?