Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LAVI NOU ANTANKE KRETYEN

Ki objektif ou fikse pou nouvo ane sèvis la?

Ki objektif ou fikse pou nouvo ane sèvis la?

Objektif espirityèl gen ladan l tout sa nou travay di pou nou akonpli yon fason pou nou ka sèvi Jewova plis toujou e pou nou fè kè Jewova kontan. Yo ede n pwogrese nan laverite e nou pap regrèt tan ak enèji nou konsakre pou yo (1Ti 4:15). Poukisa nou ta dwe egzamine objektif nou yo regilyèman? Paske sikonstans yo ap chanje. Yon objektif nou te gen lontan ka pa reyalis ankò oswa nou ka deja atenn li epi nou ka bezwen fikse yon lòt.

Yon bon moman pou nou egzamine objektif nou yo se anvan kòmansman yon nouvo ane sèvis. Poukisa nou pa pale sou sijè sa a pandan adorasyon an fanmi an epi fikse kèk objektif pèsonèl ak objektif an fanmi?

Ki kèk objektif byen presi ou ka genyen nan domèn ki vin annapre yo, e ki etap ou ka suiv pou w ka atenn yo?

Lekti Labib, etid pèsonèl, asiste reyinyon, fè kòmantè. — w02-F 15/6 15 § 14-15

Travay predikasyon an. — w23.05 27 § 4-5

Kalite kretyen yo. — w22.04 23 § 5-6

Lòt objektif: