Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LAVI NOU ANTANKE KRETYEN

Nou pral fè yon kanpay espesyal nan mwa septanm pou n anonse Wayòm Bondye a!

Nou pral fè yon kanpay espesyal nan mwa septanm pou n anonse Wayòm Bondye a!

Pandan mwa septanm nan, nou pral fè yon efò espesyal pou n anonse Wayòm Bondye a, ki se sèl espwa pou pwoblèm lèzòm yo (Mt 24:14). Ki jan w ka patisipe? Pataje yon vèsè sou Wayòm Bondye a avèk kantite moun ou kapab pandan mwa a. Depi moun nan montre l enterese, ba li yon Toudegad piblik No 2 2020. Apre sa, pousuiv enterè moun nan te demontre a san pèdi tan, epi sèvi ak bwochi Viv ak kè kontan pou toutan! an pou w kòmanse yon etid biblik avè l. Tout moun k ap sèvi kòm pyonye oksilyè pou mwa septanm nan ka chwazi bay 15 oswa 30 èdtan.

Talè konsa, Wayòm Bondye a pral kraze tout otorite ki opoze avè l (Dn 2:44; 1Ko 15:24, 25). Annou fè tout sa n kapab pou n pwofite okazyon espesyal sa a pou n montre n fidèl ak Jewova e ak Wayòm li an!