Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LAVI NOU ANTANKE KRETYEN

Imite lanmou fidèl Jewova

Imite lanmou fidèl Jewova

Jewova se pi bèl egzanp lanmou fidèl (Sm 103:11). Lanmou sa a pa yon senp atirans oswa yon afeksyon konsa konsa. Lanmou fidèl se yon santiman ki pwofon, se yon atachman ki la pou toutan. Jewova te demontre kalite sa a pou pèp Izrayèl la plizyè fason. Li te libere yo anba esklavaj nan peyi Ejip e li te mennen yo nan peyi li te pwomèt yo a (Sm 105:42-44). Li te batay pou pèp li a, e plizyè fwa li te padone peche yo (Sm 107:19, 20). Toutpandan n ap “byen reflechi sou sa Jewova fè ki demontre li gen yon lanmou ki fidèl”, nou jwenn ankourajman pou nou imite l. — Sm 107:43.

GADE VIDEYO KI GEN TIT “BYEN REFLECHI SOU SA JEWOVA FÈ KI MONTRE LI GEN YON LANMOU KI FIDÈL”, EPI REPONN KESYON KI ANNAPRE YO:

  • Nan ki domèn nou ka demontre lanmou fidèl?

  • Poukisa demontre lanmou fidèl mande pou nou fè sakrifis?