Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

15-21 jiyè

SÒM 63-65

15-21 jiyè

Kantik 108 ak priyè | Pawòl entwodiksyon (1 min.)

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A

1. “Lanmou fidèl ou genyen an pi bon pase lavi”

(10 min.)

Yon bon relasyon ak Bondye gen plis valè pase lavi (Sm 63:3; w01 15/10 15-16 § 17-18)

Lè nou medite sou fason Jewova demontre lanmou fidèl, sa fè nou gen plis rekonesans anvè l (Sm 63:6; w19.12 28 § 4; w15 15/10 24 § 7)

Rekonesans nou gen pou lanmou fidèl Bondye pouse n fè louwanj pou li ak kè kontan (Sm 63:​4, 5; w09 15/7 16 § 6)

IDE POU ADORASYON AN FANMI AN: Pale sou fason Jewova demontre lanmou fidèl pou ou.

2. Trezò espirityèl

(10 min.)

  • Sm 64:3 — Ki jan vèsè sa a ankouraje n pou n kontinye di pawòl ki ankourajan? (w07 1/12 29 § 6)

  • Ki trezò espirityèl ou te jwenn nan lekti Labib pou semèn sa a?

3. Lekti Labib

BYEN PREPARE W POU TRAVAY PREDIKASYON AN

4. Fason pou w kòmanse konvèsasyon

(2 min.) KAY AN KAY. Moun nan kay la pa pale menm lang avè w. (lmd leson 3 pwen 4)

5. Fason pou w kòmanse konvèsasyon

(2 min.) TEMWAYAJ ENFÒMÈL. Konvèsasyon an fini anvan w rive bay yon temwayaj. (lmd leson 2 pwen 4)

6. Fason pou w kòmanse konvèsasyon

(3 min.) TEMWAYAJ PIBLIK. Chèche konn ki sijè ki enterese moun nan, epi fè aranjman pou w pousuiv enterè a. (lmd leson 1 pwen 5)

7. Esplike kwayans ou

(4 min.) Demonstrasyon. ijwfq 51 — Tèm: Poukisa Temwen Jewova yo kontinye pale ak moun ki deja di: “Mwen pa enterese”? (lmd leson 4 pwen 3)

LAVI NOU ANTANKE KRETYEN

Kantik 154

8. Fason nou demontre lanmou pou Bondye

(15 min.) Konvèsasyon.

Jewova gen “anpil lanmou fidèl”. (Sm 86:15; nòt.) Ekspresyon “lanmou fidèl” la fè referans ak angajman, entegrite, fidelite ak gwo atachman. Se vre, Jewova renmen tout moun, men, li demontre “lanmou fidèl” sèlman pou sèvitè l yo, pou moun ki gen yon relasyon espesyal avè l (Sm 33:18; 63:3; Jn 3:16; Tr 14:17). Nou ka demontre rekonesans pou lanmou fidèl Jewova genyen an lè nou montre nou renmen l tou. Ki jan? Lè nou obeyi kòmandman l yo, sa gen ladan l kòmandman ki mande pou nou “fè disip” la. — Mt 28:19; 1J 5:3.

Pase VIDEYO Annou demontre yon lanmou san fay nan travay predikasyon an. Apre sa, poze moun ki nan oditwa a kesyon sa yo:

Ki jan lanmou ka pouse nou pataje bon nouvèl la lè n

  • fatige?

  • jwenn opozisyon?

  • nan aktivite nou chak jou?

9. Etid biblik kongregasyon an

Pawòl konklizyon (3 min.) | Kantik 79 ak priyè