Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

22-28 jiyè

SÒM 66-68

22-28 jiyè

Kantik 7 ak priyè | Pawòl entwodiksyon (1 min.)

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A

1. Jewova pote chay nou pou nou chak jou

(10 min.)

Jewova koute priyè nou e li reponn yo (Sm 66:19; w23.05 12 § 15)

Jewova sansib pou moun ki pa gen moun pou ede yo (Sm 68:5; w10 1/12 23 § 6; w09 1/4 31 § 1)

Jewova ede nou chak jou (Sm 68:19; w23.01 19 § 17)

POU MEDITASYON: Ki jan nou ka kite Jewova pote chay nou?

2. Trezò espirityèl

(10 min.)

  • Sm 68:18 — Nan Izrayèl tan lontan an, kiyès ki te “gason kòm kado” yo? (w06 1/7 10 § 5)

  • Ki trezò espirityèl ou te jwenn nan lekti Labib pou semèn sa a?

3. Lekti Labib

BYEN PREPARE W POU TRAVAY PREDIKASYON AN

4. Fason pou w kòmanse konvèsasyon

(3 min.) KAY AN KAY. Moun w ap preche a pa gen menm kilti avè w. (lmd leson 5 pwen 3)

5. Pousuiv enterè moun yo

(4 min.) KAY AN KAY. Kontinye pale sou feyè ou te kite nan men moun nan nan dènye vizit la. (lmd leson 9 pwen 3)

6. Fason pou w fè disip

LAVI NOU ANTANKE KRETYEN

Kantik 102

7. Èske w ta ka fè chay yon moun vin pi lejè?

(15 min.) Konvèsasyon.

Okenn nan sèvitè Bondye yo pa oblije jere pwoblèm yo poukont yo (2Kw 20:15; Sm 127:1). Nou gen Jewova kòm Sila a k ap ede nou an (Eza 41:10). Ki fason Jewova ede nou? Li ban nou direksyon pa mwayen Pawòl li a ak òganizasyon l lan (Eza 48:17). Li ban nou èd lespri sen l, yon fòs ki pisan (Lk 11:13). Epitou, li sèvi ak frè ak sè nou yo pou l ban nou ankourajman ak èd nou bezwen (2Ko 7:6). Sa vle di, Jewova ka sèvi ak nenpòt nan nou pou fè chay yon kretyen parèy nou vin pi lejè.

Pase VIDEYO Annou demontre yon lanmou san fay nan kongregasyon an: Pou granmoun yo. Apre sa, poze moun ki nan oditwa a kesyon sa a:

  • Ki sa w ta ka fè pou w fè chay yon kretyen ki aje vin pi lejè?

Pase VIDEYO Annou demontre yon lanmou san fay nan kongregasyon an: Pou sèvitè aplentan yo. Apre sa, poze moun ki nan oditwa a kesyon sa a:

  • Ki sa w ta ka fè pou w fè chay yon sèvitè aplentan vin pi lejè?

Pase VIDEYO Annou demontre yon lanmou san fay nan kongregasyon an: Pou moun ki deplase vin nan zòn nou oswa nan peyi nou. Apre sa, poze moun ki nan oditwa a kesyon sa a:

  • Ki sa w ta ka fè pou w fè chay moun ki nan gwo pwoblèm yo vin pi lejè?

8. Etid biblik kongregasyon an

Pawòl konklizyon (3 min.) | Kantik 88 ak priyè