Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

26 out–1 septanm

SÒM 78

26 out–1 septanm

Kantik 97 ak priyè | Pawòl entwodiksyon (1 min.)

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A

1. Lefètke pèp Izrayèl la pa t fidèl, sa sèvi nou avètisman

(10 min.)

Pèp Izrayèl la te bliye gwo aksyon Jewova te fè yo (Sm 78:​11, 42; w96 1/12 29-30)

Pèp Izrayèl la pa t bay bon bagay Jewova te fè pou yo valè (Sm 78:19; w06 1/8 11 § 16)

Izrayelit yo pa t aprann nan erè yo te fè, men yo te kontinye montre yo pa t fidèl (Sm 78:40, 41, 56, 57; w11 1/7 10 § 3-4)


POU MEDITASYON: Ki sa k ap ede nou kontinye ret fidèl ak Jewova?

2. Trezò espirityèl

(10 min.)

  • Sm 78:24, 25 — Poukisa yo te rele lamàn nan “manje angren ki te sot nan syèl la” epi “pen kreyati ki pisan yo”? (w06 15/7 11 § 4)

  • Ki trezò espirityèl ou te jwenn nan lekti Labib pou semèn sa a?

3. Lekti Labib

(4 min.) Sm 78:1-22 (th leson 5)

BYEN PREPARE W POU TRAVAY PREDIKASYON AN

4. Fason pou w kòmanse konvèsasyon

(3 min.) KAY AN KAY. Ofri moun nan yon etid Labib. (lmd leson 5 pwen 5)

5. Fason pou w kòmanse konvèsasyon

(3 min.) KAY AN KAY. Sèvi ak yon feyè pou w kòmanse yon konvèsasyon. Ofri moun nan yon etid Labib. (lmd leson 5 pwen 4)

6. Fason pou w kòmanse konvèsasyon

(1 min.) KAY AN KAY. Moun nan di w li pa gen anpil tan. Ofri moun nan yon etid Labib. (lmd leson 2 pwen 5)

7. Fason pou w kòmanse konvèsasyon

(4 min.) TEMWAYAJ PIBLIK. Chèche yon fason ki natirèl pou w fè moun nan wè ou se yon Temwen Jewova san w pa pale de Bib la, epi, ofri moun nan yon etid Labib. (lmd leson 2 pwen 4)

LAVI NOU ANTANKE KRETYEN

Kantik 96

8. Aprann nan egzanp Filip, yon moun ki te konn evanjelize

(15 min.) Konvèsasyon.

Bib la chaje ak egzanp, ni bon, ni move egzanp. Sa mande tan ak efò pou n aprann nan egzanp sa yo. Anplis de li istwa biblik yo, nou dwe medite sou leson yo, epi fè chanjman ki nesesè nan konduit nou.

Yo te konnen Filip, moun ki te konn evanjelize a, kòm yon moun “ki ranpli ak lespri sen ak sajès”. (Tr 6:​3, 5.) Ki leson nou ka aprann nan egzanp li?

Pase VIDEYO Ann aprann nan men yo — Filip, yon moun ki te konn evanjelize. Epi, mande moun ki nan oditwa a ki leson yo aprann nan chak pwen ki annapre yo:

  • Fason Filip te reyaji lè sitiyasyon l te chanje bridsoukou. — Tr 8:​1, 4, 5

  • Benediksyon Filip te jwenn paske l te dispoze al sèvi kote ki gen plis bezwen. — Tr 8:​6-8, 26-31, 34-40

  • Byenfè Filip ak fanmi l te jwenn paske yo te akeyan. — Tr 21:​8-10

  • Kè kontan fanmi nan videyo a te jwenn paske yo te suiv egzanp Filip

9. Etid biblik kongregasyon an

Pawòl konklizyon (3 min.) | Kantik 101 ak priyè