Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

5-11 out

SÒM 70-72

5-11 out

Kantik 59 ak priyè | Pawòl entwodiksyon (1 min.)

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A

1. “Fè jenerasyon k ap vini an” konnen pouvwa Bondye

(10 min.)

David te jwenn pwoteksyon Jewova depi lè l te jèn (Sm 71:5; w99 1/9 18 § 17)

David te santi Jewova t ap soutni l lè l te vin granmoun (Sm 71:9; g04 8/10 23 § 3)

David te ankouraje jèn yo lè l te rakonte yo eksperyans li te fè (Sm 71:​17, 18; w14 15/1 23 § 4-5)

MANDE TÈT OU: ‘Kiyès nan kongregasyon m nan ki gen lontan depi l ap sèvi Jewova, mwen t ap renmen fè entèvyou avè l nan sware adorasyon an fanmi an?’

2. Trezò espirityèl

(10 min.)

  • Sm 72:8 — Ki jan pwomès Jewova te fè Abraram nou jwenn nan Jenèz 15:18 la te reyalize sou rèy wa Salomon? (it-1 825)

  • Ki trezò espirityèl ou te jwenn nan lekti Labib pou semèn sa a?

3. Lekti Labib

BYEN PREPARE W POU TRAVAY PREDIKASYON AN

4. Fason pou w kòmanse konvèsasyon

(3 min.) KAY AN KAY. Lè moun nan kòmanse fè diskisyon, kanpe konvèsasyon an ak yon pawòl pozitif. (lmd leson 4 pwen 5)

5. Pousuiv enterè moun yo

(4 min.) TEMWAYAJ ENFÒMÈL. Kontinye yon konvèsasyon ak yon fanmi w ki te yon ti jan renka pou l etidye Bib la. (lmd leson 8 pwen 4)

6. Esplike kwayans ou

(5 min.) Diskou. ijwfq 49 — Tèm: Poukisa Temwen Jewova yo konn fè chanjman nan kwayans yo? (th leson 17)

LAVI NOU ANTANKE KRETYEN

Kantik 76

7. Ide pou adorasyon an fanmi an

(15 min.) Konvèsasyon.

Sware adorasyon an fanmi an se yon moman enpòtan pou timoun yo aprann “nan disiplin Jewova ak nan avètisman li bay”. (Ef 6:4.) Pou yon moun aprann, sa mande efò. Men, sa ka yon bèl eksperyans sitou pou timoun yo tank y ap vin gen plis anvi pou yo aprann verite ki nan Bib la (Jn 6:27; 1P 2:2). Revize kare ki gen tit “ Kèk ide pou adorasyon an fanmi an” ki ka ede paran yo fè sware adorasyon an fanmi an vin enteresan epi itil. Apre sa, pale sou kesyon ki vin apre yo:

  • Kiyès nan sijesyon sa yo ou ta renmen eseye?

  • Èske w te jwenn yon lòt pwen ki te ede w?

Pase VIDEYO Fè adorasyon an fanmi an vin pi enteresan. Epi, poze moun ki nan oditwa a kesyon sa a:

  • Ki jan yon mari ka fè adorasyon an fanmi an vin pi enteresan lè pa gen timoun nan kay la?

8. Etid biblik kongregasyon an

Pawòl konklizyon (3 min.) | Kantik 123 ak priyè