Kèk pwoklamatè k ap envite yon moun nan Soupe Seyè a nan peyi Albani.

PWOGRAM REYINYON LAVI NOU AK TRAVAY NOU FÈ Mas 2017

Modèl prezantasyon

Modèl prezantasyon pou Toudegad e pou nou anseye laverite sou Wayòm Bondye a. Sèvi ak modèl sa yo pou w fè prezantasyon pa w.

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A

“Mwen avè w pou m ka sove w”

Lè Jewova te chwazi Jeremi kòm pwofèt, Jeremi pa t santi l kalifye pou responsablite sa a. Ki jan Jewova te ba l asirans?

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A

Yo te sispann fè volonte Bondye

Izrayelit yo te panse sakrifis yo te konn fè pou lafòm yo t ap fè Jewova pase sou move konduit yo te genyen. Jeremi te mete kran sou li pou l fè konnen peche Izrayelit yo t ap fè yo ak ipokrizi yo te gen lakay yo.

LAVI NOU ANTANKE KRETYEN

Fason pou n sèvi ak bwochi Ki moun k ap fè volonte Jewova jodi a?

Sèvi ak bwochi sa a pou n anseye etidyan nou yo konsènan nou menm sèvitè Jewova, aktivite nou yo ak òganizasyon nou an.

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A

Se direksyon Jewova bay sèlman ki ka fè lèzòm reyisi

Nan Izrayèl tan lontan an, moun ki te suiv direksyon Jewova Dye bay yo te gen lapè, kè kontan, e bagay yo te mache byen pou yo.

LAVI NOU ANTANKE KRETYEN

Fason pou n sèvi ak bwochi Koute Bondye a

Sèvi ak foto yo ansanm ak vèsè yo pou n anseye moun ki twouve l difisil pou yo aprann pa mwayen tèks ekri verite de baz ki nan Bib la.

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A

Pèp Izrayèl la te bliye Jewova

Ki sa Jewova te vle montre lè l te di Jeremi pou l vwayaje 500 kilomèt al Rivyè Efrat pou l al sere yon senti an len?

LAVI NOU ANTANKE KRETYEN

Ede fanmi w sonje Jewova

Lè w fè adorasyon an fanmi an regilyèman e w fè l yon fason ki touche kè moun yo, sa ka ede fanmi an sonje Jewova. Ki jan w ka fè fas ak defi moun jwenn ki soti pou anpeche yo fè adorasyon an fanmi an?