Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Modèl prezantasyon

Modèl prezantasyon

TOUDEGAD

Kesyon: Selon ou menm, ki pi gwo kado Bondye ban nou?

Vèsè: Jan 3:16

Òf: Toudegad sa a montre nou rezon ki fè Bondye te voye Jezi sou tè a pou l mouri pou nou, epi fason nou ka montre nou apresye kado sa a.

KI SA WAYÒM BONDYE A YE?

Kesyon: [Montre moun nan fas feyè a.] Ki jan w t ap reponn kesyon sa a? Èske Wayòm Bondye a se yon bagay ki nan kè nou? Yon senbòl? Oswa yon gouvènman ki nan syèl la?

Vèsè: Dn 2:44; Eza 9:6, nòt.

Òf: Feyè sa a esplike ki sa Wayòm Bondye a ka vle di pou ou.

FICH ENVITASYON MEMORYAL LA

Òf: N ap envite moun yo nan yon evènman ki enpòtan anpil. [Bay moun nan fich envitasyon an.] Jou k ap 11 avril la, plizyè milyon moun sou tè a pral reyini pou yo montre yo sonje lanmò Jezi e pou yo koute yon diskou gratis sou fason lanmò sa a fè n jwenn benediksyon. Nan fich envitasyon sa a, w ap jwenn lè a ak kote n ap fè reyinyon sa a nan zòn ou an. Nou espere w ap la avèk nou!

EKRI PREZANTASYON PA W

Sèvi ak menm metòd ki nan modèl sa yo pou w fè prezantasyon pa w.