Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LAVI NOU ANTANKE KRETYEN

Fason pou n sèvi ak bwochi Ki moun k ap fè volonte Jewova jodi a?

Fason pou n sèvi ak bwochi Ki moun k ap fè volonte Jewova jodi a?

Yo te fè bwochi Ki moun k ap fè volonte Jewova jodi a? pou nou egzamine l ak etidyan Labib yo swa nan kòmansman yon etid biblik, swa nan fen etid la *. Leson 1 rive nan leson 4 ede etidyan yo vin byen konnen nou antanke pèp Bondye. Leson 5 rive nan leson 14 ede yo aprann konnen aktivite nou yo, epi leson 15 rive nan leson 28 montre yo fason òganizasyon an fonksyone. An jeneral, li pi bon pou n egzamine leson yo nan lòd yo ye a, sof si ta gen youn ki pale sou yon sijè nou bezwen egzamine tousuit. Chak leson nan yon paj poukont li, e nou ka egzamine l ak pifò etidyan nan senk a dis minit.

  • Atire atansyon yo sou tit leson an, ki se yon kesyon

  • Li leson an ansanm avèk yo, swa yon sèl kou, swa pa seksyon

  • Pale sou sa n li a. Sèvi ak kesyon ki nan fen paj la ak foto yo. Li vèsè yo bay kòm referans ki apwopriye yo, epi pale sou yo. Montre soutit ki angra yo reponn kesyon ki nan tit la

  • Si gen yon kare “Chèche konn plis”, li l avèk etidyan yo e ankouraje yo suiv sijesyon yo bay la

^ § 3 Se edisyon ki pi ajou a ki sou sit Entènèt la.