Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LAVI NOU ANTANKE KRETYEN

Fason pou n sèvi ak bwochi Koute Bondye a

Fason pou n sèvi ak bwochi Koute Bondye a

Yo te fè bwochi Koute Bondye a pou anseye moun ki gen difikilte pou yo aprann pa mwayen tèks ekri verite de baz ki gen nan Bib la grasa yon seri foto yo kapab wè. Chak leson pran de paj, e yo byen prepare foto yo avèk yon seri ti flèch pou ede nou egzamine foto yo, sot nan youn al nan lòt.

Bwochi Koute Bondye pou w viv pou toutan an gen menm foto ak bwochi Koute Bondye a. Men, premye a gen plis pawòl, e nou ka sèvi avè l ak etidyan ki ka li pi byen yo. Souvan, pwoklamatè yo konn prefere itilize l kòm yon gid pou ede yo anseye etidyan ki itilize bwochi Koute Bondye a. Anpil nan paj yo gen yon kare ki gen lòt enfòmasyon nou ka egzamine ak etidyan an, selon kapasite l.

Nou ka ofri bwochi sa yo nenpòt lè, menmsi se pa yo ki òf pou mwa a. Lè n ap kondui yon etid nan Bib la, sèvi ak foto yo pou n esplike istwa ki nan Bib la. Poze kesyon pou n ede etidyan an patisipe pou n ka sèten li konprann sa l ap aprann nan. Li vèsè ki anba chak paj yo epi pale sou yo. Apre nou fin etidye bwochi a ak yon etidyan, etidye liv Ki sa Labib kapab anseye nou? an pou n ede l fè pwogrè pou l batize.