Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LAVI NOU ANTANKE KRETYEN

Ede fanmi w sonje Jewova

Ede fanmi w sonje Jewova

Jewova te bay Jeremi misyon pou l avèti Juif yo konsènan destriksyon ki te pandye sou tèt yo a, paske yo te bliye Jewova, Bondye yo a (Jr 13:25). Ki jan nasyon an te fè rive nan eta sa a nan relasyon yo avèk Bondye? Fanmi Izrayelit yo te pèdi relasyon yo te gen ak Bondye a. Sandout, chèf fanmi yo pa t suiv enstriksyon Jewova te ba yo nan Detewonòm 6:5-7.

Jodi a, lè fanmi yo gen bon relasyon ak Bondye, yo ede kongregasyon yo rete stab. Chèf fanmi yo ka ede fanmi yo sonje Jewova lè yo fè adorasyon an fanmi an regilyèman e yo fè l yon fason ki touche kè moun yo (Sm 22:27). Apre w fin gade videyo Se pou pawòl sa yo [...] nan kè nou” — Entèvyou ak kèk fanmi an, reponn kesyon sa yo:

  • Ki jan kèk fanmi rive fè fas ak yon seri defi moun konn jwenn ki soti pou anpeche yo fè adorasyon an fanmi an?

  • Ki rekonpans konsa yo jwenn lè yo fè adorasyon an fanmi an regilyèman e yo fè l yon fason ki touche kè moun yo?

  • Ki defi mwen jwenn ki soti pou anpeche m fè adorasyon an fanmi an, e ki plan mwen met sou pye pou m fè fas ak yo?