Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | JEREMI 12-16

Pèp Izrayèl la te bliye Jewova

Pèp Izrayèl la te bliye Jewova

Jewova te bay Jeremi yon asiyasyon ki difisil pou Jewova te ka montre detèminasyon l genyen pou l efase ògèy ki te anrasinen nan moun Jida ak moun Jerizalèm yo.

Jeremi te mete yon senti an len

13:1, 2

  • Senti sa a ki te mare byen di nan ren l te reprezante bonjan relasyon sere sere Jewova te ka genyen ak nasyon an

Jeremi t al pran senti a bò Rivyè Efrat

13:3-5

  • Li te kache l nan twou yon mas wòch, epi li te retounen Jerizalèm

Jeremi te retounen bò Rivyè Efrat pou l t al repran senti a

13:6, 7

  • Senti a te gate

Apre Jeremi te fini ak asiyasyon an, Jewova te esplike l sa sa vle di

13:8-11

  • Fason Jeremi te obeyi Jewova ak tout kè l nan yon bagay ki te ka parèt san enpòtans te fè pèp la wè tout efò Jewova t ap fè pou l touche kè yo.