Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

1-7 avril

SÒM 23-25

1-7 avril

Kantik 4 ak priyè | Pawòl entwodiksyon (1 min.)

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A

1. “Jewova se Bèje m”

(10 min.)

Jewova gide nou (Sm 23:​1-3; w11 1/5 31 § 3)

Jewova pwoteje nou (Sm 23:4; w11 1/5 31 § 4)

Jewova ban nou manje (Sm 23:5; w11 1/5 31 § 5)

Jewova pran swen sèvitè l yo menm jan yon bèje ki gen lanmou pran swen mouton l yo.

MANDE TÈT OU: ‘Ki jan Jewova pran swen m pèsonèlman?’

2. Trezò espirityèl

(10 min.)

  • Sm 23:3 — Ki sa “chemen ladwati a” ye e ki sa ki ka ede n pa kite l? (w11 15/2 24 § 1-3)

  • Ki trezò espirityèl ou te jwenn nan lekti Labib pou semèn sa a?

3. Lekti Labib

BYEN PREPARE W POU TRAVAY PREDIKASYON AN

4. Fason pou w kòmanse konvèsasyon

(3 min.) TEMWAYAJ ENFÒMÈL. Li yon vèsè ankourajan nan Bib la ansanm ak yon moun ki fè w konnen li enkyè pou anviwònman an. (lmd leson 2 pwen 5)

5. Pousuiv enterè moun yo

(4 min.) KAY AN KAY. Montre yon moun ki te aksepte bwochi Viv ak kè kontan pou toutan! an ki jan yo fè yon etid Labib. (lmd leson 9 pwen 3)

6. Fason pou w fè disip

LAVI NOU ANTANKE KRETYEN

Kantik 54

7. “Nou pa koute vwa etranje”

(15 min.) Konvèsasyon.

An jeneral, mouton yo konn vwa bèje yo e yo suiv yo. Yon lòt bò, lè se yon etranje, yon moun yo pa konn vwa l, yo kouri pou li (Jan 10:5). Menm jan an tou, nou koute vwa Jewova ak Jezi ki se bèje nou nan domèn espirityèl, yon seri bèje ki gen lanmou e nou ka konte sou yo (Sm 23:1; Jan 10:11). Men, nou kouri pou vwa etranje yo k ap eseye febli lafwa nou pa mwayen “pawòl ki pou twonpe nou”. — 2P 2:​1, 3.

Jenèz chapit twa pale de premye fwa yon moun te tande vwa etranje sou tè a. Satan te pwoche bò kot Èv yon fason pou l te twonpe l e li te kache kiyès li ye toutbonvre. Li te pran pòz li se zanmi l, li te tòde sa Jewova di e li te fè konprann Jewova pa gen bon entansyon. Malerezman, Èv te koute l, sa te lakòz ni li menm ni fanmi l soufri anpil.

Jodi a, Satan ap eseye simen dout sou Jewova e sou òganizasyon l lan, lè l gaye pawòl ki negatif, mwatye verite ak manti kri sou yo. Lè nou tande vwa yon etranje, nou dwe kouri! Menmsi se pou yon ti tan nou ta koute vwa etranje, se yon danje sa ye. Satan pa t menm bezwen di anpil pawòl pou l te twonpe Èv nan ti konvèsasyon tou kout yo te genyen an (Jen 3:​1, 4, 5). Men, e si yon moun nou konnen, yon moun ki renmen nou e ki gen bon entansyon, vle pataje enfòmasyon ki negatif avèk nou sou òganizasyon Jewova a?

Pase VIDEO Pa koute “vwa etranje” a, epi poze moun ki nan oditwa a kesyon sa a:

Ki sa w te aprann nan fason Jad te jere sitiyasyon an, lè manman l ki pap sèvi Jewova te vle pataje enfòmasyon ki negatif avè l sou òganizasyon Jewova a?

8. Etid biblik kongregasyon an

Pawòl konklizyon (3 min.) | Kantik 55 ak priyè