Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

15-21 avril

SÒM 29-31

15-21 avril

Kantik 108 ak priyè | Pawòl entwodiksyon (1 min.)

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A

1. Disiplin — Yon fason Bondye montre li renmen nou

(10 min.)

Jewova te kache pou David apre David te fin dezobeyi a (Sm 30:7; it-1 863 § 10)

David ki te repanti te sipliye Jewova pou L fè l favè (Sm 30:8)

Jewova pa t ret fache ak David (Sm 30:5; w07 1/3 19 § 1)



Petèt Sòm 30 ap fè referans ak sa k te rive apre David te fin fè peche ki gen rapò ak resansman an. — 2Sa 24:25.

POU MEDITASYON: Ki jan yon moun ki eskominye ka jwenn byenfè nan disiplin li resevwa a e ki jan li ka demontre li repanti? — w21.10 6 § 18.

2. Trezò espirityèl

(10 min.)

  • Sm 31:23 — Ki jan Jewova ka fè yon moun ki ògeye peye chè pou ògèy li a? (w06 1/6 9 § 13)

  • Ki trezò espirityèl ou te jwenn nan lekti Labib pou semèn sa a?

3. Lekti Labib

BYEN PREPARE W POU TRAVAY PREDIKASYON AN

4. Fason pou w kòmanse konvèsasyon

(1 min.) TEMWAYAJ PIBLIK. Bay yon moun ki okipe yon temwayaj tou kout. (lmd leson 5 pwen 3)

5. Fason pou w kòmanse konvèsasyon

(3 min.) TEMWAYAJ ENFÒMÈL. Montre yon manman yon videyo pou timoun ak fason pou l jwenn plis videyo. (lmd leson 3 pwen 3)

6. Pousuiv enterè moun yo

(3 min.) TEMWAYAJ PIBLIK. Ofri yon moun ki pa t enterese nan etidye Labib anvan sa yon etid Labib. (lmd leson 8 pwen 3)

7. Fason pou w fè disip

LAVI NOU ANTANKE KRETYEN

Kantik 45

8. Rezon ki fè nou gen lafwa nan... Lanmou Bondye

(7 min.) Konvèsasyon. Pase VIDEYO a. Apre sa, poze moun ki nan oditwa a kesyon sa a:

Ki sa eksperyans sa a aprann nou sou lanmou Bondye?

9. Rapò sou pwogram Biwo lokal pou plan ak konstriksyon pou ane 2024 la

(8 min.) Diskou. Pase VIDEYO a.

10. Etid biblik kongregasyon an

Pawòl konklizyon (3 min.) | Kantik 99 ak priyè